Sòm
Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe sou ton “Pa fini avè m”. Yon chante David te ekri. Miktam*. Li gen rapò ak lè l te kouri pou Sayil e li t al kache nan gwòt la+.
57 Fè m favè, o Bondye, fè m favè,
Paske se nan ou mwen* pran refij+,
E se anba zèl ou m ap kache jiskaske pwoblèm yo pase+.
2 M ap rele Bondye, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an,
Wi, vrè Dye a, k ap rezoud pwoblèm yo pou mwen.
3 Detan l nan syèl la, l ap voye èd ban mwen, l ap sove m+,
L ap fè moun k ap atake m nan dekouraje. (Sela)
Mwen oblije kouche nan mitan yon seri moun ki vle devore m,
Dan yo tankou lans ak flèch
E lang yo tankou epe ki byen file+.
5 Se pou w montre pouvwa w anlè nan syèl la, o Bondye,
E se pou w montre pouvwa w sou tout tè a+.
6 Ènmi m yo tann yon filè pou mwen pou yo pran m nan pyèj+.
Mwen* dekouraje tèlman m gen pwoblèm+.
Yo fouye yon twou sou wout mwen,
Men se yo menm ki tonbe ladan l+. (Sela)
8 Se pou tout sa mwen gen nan mwen ki pi bon parèt,
Se pou hap* yo ak lòt enstriman akòd yo fè tande vwa yo.
M ap reveye douvanjou+.
9 M ap fè louwanj pou ou nan mitan pèp yo, o Jewova+,
10 Paske, lanmou fidèl ou genyen an se gwo zafè, li rive jis nan syèl la+,
E fidelite w rive jis nan syèl la.
11 Se pou w montre pouvwa w anlè nan syèl la, o Bondye,
E se pou w montre pouvwa w sou tout tè a+.