BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 43
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Glwa Jewova ranpli tanp lan (1-12)

      • Lotèl la (13-27)

Ezekyèl 43:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 40:6; 42:15; 44:1

Ezekyèl 43:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 9:3; 11:23
  • +Eze 1:24; Jan 12:28, 29
  • +Eza 6:3; Eze 10:4

Ezekyèl 43:3

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “lè li”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 1:3, 4; 3:23

Ezekyèl 43:4

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “kay la”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 10:19; 44:1, 2

Ezekyèl 43:5

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “kay la”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 40:34; 1Wa 8:10; Eze 44:4

Ezekyèl 43:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 40:3

Ezekyèl 43:7

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “sispann aji tankou pwostitye nan adorasyon y ap ban mwen”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 6:1; Jr 3:17; Eze 1:26
  • +1Kw 28:2
  • +Eg 29:45; Sm 68:16; 132:14; Jl 3:17
  • +Eze 39:7; Za 13:2

Ezekyèl 43:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 8:3
  • +Dn 9:12

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 150

Ezekyèl 43:9

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “sispann aji tankou pwostitye nan adorasyon y ap ban mwen”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 37:23, 26; 2Ko 6:16

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 150

Ezekyèl 43:10

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “pou yo ka mezire modèl la”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 40:4
  • +Eze 16:63

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 147

    Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè,

    9/2017, p. 2

Ezekyèl 43:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 44:5
  • +Eze 11:19, 20; 36:27

Ezekyèl 43:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 93:5; Eze 40:2; 42:20

Ezekyèl 43:13

Nòt anba paj

  • *

    Y ap pale de koude ki long nan. Gade Apendis B14.

  • *

    Anviwon 22,2 sm (8,75 pous). Gade Apendis B14.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 27:1; 2Kw 4:1

Ezekyèl 43:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 27:2; Re 9:13

Ezekyèl 43:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 38:1; 2Kw 4:1

Ezekyèl 43:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 40:29; Le 1:5; 8:18-21; Eze 45:19

Ezekyèl 43:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 29:10; Le 8:14
  • +Eze 40:46; 44:15; 48:11

Ezekyèl 43:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 29:36, 37; Le 8:15; Eb 9:23

Ezekyèl 43:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 29:14; Le 8:17; Eb 13:11

Ezekyèl 43:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 2:13

Ezekyèl 43:25

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Bèt w ap ofri yo ta dwe pafè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 29:35

Ezekyèl 43:27

Nòt anba paj

  • *

    Anpalan de sakrifis pèp la ofri.

  • *

    Oswa: “ofrann lapè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 9:1
  • +Eze 20:40

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 43:1Eze 40:6; 42:15; 44:1
Eze. 43:2Eze 9:3; 11:23
Eze. 43:2Eze 1:24; Jan 12:28, 29
Eze. 43:2Eza 6:3; Eze 10:4
Eze. 43:3Eze 1:3, 4; 3:23
Eze. 43:4Eze 10:19; 44:1, 2
Eze. 43:5Eg 40:34; 1Wa 8:10; Eze 44:4
Eze. 43:6Eze 40:3
Eze. 43:7Eza 6:1; Jr 3:17; Eze 1:26
Eze. 43:71Kw 28:2
Eze. 43:7Eg 29:45; Sm 68:16; 132:14; Jl 3:17
Eze. 43:7Eze 39:7; Za 13:2
Eze. 43:8Eze 8:3
Eze. 43:8Dn 9:12
Eze. 43:9Eze 37:23, 26; 2Ko 6:16
Eze. 43:10Eze 40:4
Eze. 43:10Eze 16:63
Eze. 43:11Eze 44:5
Eze. 43:11Eze 11:19, 20; 36:27
Eze. 43:12Sm 93:5; Eze 40:2; 42:20
Eze. 43:13Eg 27:1; 2Kw 4:1
Eze. 43:15Eg 27:2; Re 9:13
Eze. 43:16Eg 38:1; 2Kw 4:1
Eze. 43:18Eg 40:29; Le 1:5; 8:18-21; Eze 45:19
Eze. 43:19Eg 29:10; Le 8:14
Eze. 43:19Eze 40:46; 44:15; 48:11
Eze. 43:20Eg 29:36, 37; Le 8:15; Eb 9:23
Eze. 43:21Eg 29:14; Le 8:17; Eb 13:11
Eze. 43:24Le 2:13
Eze. 43:25Eg 29:35
Eze. 43:27Le 9:1
Eze. 43:27Eze 20:40
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 43:1-27

Ezekyèl

43 Apre sa, li mennen m nan pòtay ki bay nan direksyon lès la+. 2 Etan m la, mwen wè glwa Bondye Izrayèl la k ap sot nan direksyon lès+. Vwa Bondye te tankou bri gwo dlo k ap desann+. Glwa l te klere tè a+. 3 Sa m te wè a te tankou vizyon mwen te wè lè m* te vini pou m kraze vil la e li te sanble ak sa mwen te wè lè m te bò kot Rivyè Keba a+. Lè sa a, mwen tonbe fas atè.

4 Apre sa, glwa Jewova te pase nan pòtay ki bay nan direksyon lès la+ e li antre nan tanp lan*. 5 Epi gen yon fòs ki leve m, ki mennen m nan lakou ki anndan an e mwen te wè glwa Jewova ki ranpli anndan tanp lan* nèt+. 6 Apre sa, mwen tande vwa yon moun k ap pale avè m. Vwa a te soti nan tanp lan. Epi, mesye a vini e li kanpe bò kote m+, 7 li di m:

“Pitit lòm, kote sa a se twòn mwen+, se kote pou m depoze pla pye m+, se la m ap abite nan mitan pèp Izrayèl la pou toutan+. Pèp Izrayèl la ak wa yo genyen yo ap sispann derespekte non m ki sen+ ak kadav wa yo genyen yo e y ap sispann montre yo pa fidèl avè m*. 8 Lè yo te met antre tanp yo a bò kot antre tanp mwen an, lè yo te met chanbrann pòt tanp yo a kanpe bò kot chanbrann pòt tanp mwen an, avèk yon mi sèlman ki separe mwen menm avèk yo+, lè yo te fè tout bagay ki bay degoutans yo te fè yo, yo te montre yo pa t gen okenn respè pou non m ki sen. Se sa k fè mwen te elimine yo pandan m te an kòlè a+. 9 Kounye a, se pou yo sispann montre yo pa fidèl*, se pou yo retire kadav wa yo genyen yo devan m. Konsa, m ap abite nan mitan yo pou toutan+.

10 “Kanta pou ou menm, pitit lòm, dekri tanp lan pou moun Izrayèl yo+ pou yo ka santi yo wont akoz peche yo fè yo+ e pou yo ka etidye plan tanp lan*. 11 Si yo wont poutèt tout move bagay yo fè yo, se pou w trase plan tanp lan devan yo. W ap montre yo ki jan l fèt, antre yo ak kote pou moun soti yo+. W ap montre yo tout plan an nèt ansanm ak lwa ak règ ki konsène tanp lan. W ap fè sa yon fason pou yo ka byen wè plan an e pou yo ka respekte lwa ki konsène tanp lan+. 12 Men lwa ki konsène tanp lan. Tout zòn ki toupre tèt mòn nan se yon zòn ki sen anpil+. Gade, sa se lwa ki konsène tanp lan.

13 “Men dimansyon lotèl la an koude+ (pou chak koude, yo te mete lajè kat dwèt sou koude a)*. Wotè ak lajè baz la se yon koude. Gen yon bòdi nan pwent baz la ki te fè wonn baz la, wotè l se te lajè yon men*. Sa se baz lotèl la. 14 Depi pwent anba baz la ki atè rive nan pwent anlè lòt pati ki anlè baz la, wotè a se de koude. Lajè pati sa a se yon koude. Soti nan pwent anlè pati sa a ki pi piti a rive nan pwent anlè lòt pati ki pi wo a ki pi gwo, wotè a se kat koude. Lajè pati sa a se yon koude. 15 Fwaye lotèl la mezire kat koude wotè. Gen kat kòn sou fwaye lotèl la ki monte anlè, youn nan chak kwen+. 16 Fwaye lotèl la kare. Longè l ak lajè l se 12 koude+. 17 Longè ak lajè pati ki pi ba fwaye lotèl la mezire 14 koude. Lajè bòdi ki nan pwent pati sa a mezire mwatye yon koude e chak bò nan baz la mezire yon koude.

“Mach eskalye l yo bay nan direksyon lès.”

18 Apre sa, li di m: “Pitit lòm, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Men enstriksyon ou dwe suiv lè lotèl la fin fèt pou yo ka ofri sakrifis y ap boule nèt sou li e pou yo ka wouze l ak san+.’

19 “‘Ou dwe bay yon jenn towo bèf kòm sakrifis pou peche+. Se Levit ki prèt e ki se desandan Zadòk yo+ w ap bay li, piske yo abitye pwoche devan m pou yo sèvi m.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di. 20 ‘W ap pran enpe nan san l, w ap mete l sou kat kòn lotèl la, sou kat kwen pati ki pi ba fwaye lotèl la e sou tout rebò a nèt yon fason pou w ka pirifye lotèl la+. 21 Apre sa, w ap pran jenn towo bèf la, sakrifis pou peche a, e w ap boule l pa deyò tanp lan, kote ki la pou sa a+. 22 Nan dezyèm jou a, w ap ofri yon bouk kabrit ki pa gen okenn domaj kòm sakrifis pou peche e y ap pirifye lotèl la menm jan yo te pirifye l ak san jenn towo bèf la.’

23 “‘Lè w fin pirifye l, w ap pran yon jenn towo bèf ki pa gen okenn domaj nan twoupo a ansanm ak yon mal mouton ki pa gen okenn domaj pou w ofri kòm sakrifis. 24 W ap prezante yo devan Jewova, prèt yo yo menm ap voye sèl sou yo+ e y ap boule yo kòm sakrifis ki boule nèt pou Jewova. 25 Pandan sèt jou, w ap ofri yon bouk kabrit chak jou kòm sakrifis pou peche+ e w ap ofri yon jenn towo bèf ak yon mal mouton. Bèt w ap ofri yo pa dwe gen okenn domaj*. 26 Pandan sèt jou, yo dwe pirifye lotèl la, yo dwe netwaye l pou l pare pou yo sèvi avè l. 27 Apre tout jou sa yo, nan uityèm jou a+ e nan jou k ap vin apre yo, prèt yo ap ofri sakrifis n* ap boule nèt yo ak sakrifis kominyon* nou yo sou lotèl la e m ap pran plezi nan nou+.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje