6 “Poto soufrans”
An grèk: σταυρός (stowòs); an laten: crux (kwouks)
Nan Matye 27:40, yo sèvi ak ekspresyon “poto soufrans” lan anrapò ak lanmò Jezi sou Kalvè a, oswa Plas Zo Tèt la. Pa gen anyen nan ka sa a ki montre mo grèk stowòs la vle di kwa menm jan ak kwa payen yo te itilize pandan plizyè syèk anvan Kris kòm senbòl nan domèn relijyon.
Nan lang grèk klasik la, mo stowòs la vle di tou senpleman yon poto menm jan ak sa yo konn itilize lè y ap fè fondasyon. Vèb stowowo a li menm vle di drese yon poto pou fè yon lantouray. Moun Bondye te enspire pou ekri liv an grèk yo te ekri nan lang grèk pèp la te pale a (koyinè). Yo te sèvi ak mo stowòs la, menm mo grèk klasik la te sèvi a, pou yo pale de menm bagay la, sa vle di yon senp poto ki pa t gen okenn lòt poto kwaze sou li. Pa gen okenn prèv ki montre lekontrè. Apot Pyè ak apot Pòl te sèvi tou ak ksilon, yon mo grèk pou yo pale de sa moun yo te itilize pou yo fè Jezi soufri a, bagay yo te kloure l sou li a. E mo sa a montre se te yon poto ki pa t gen yon lòt ki kwaze sou li paske nan ka sa a, se sa mo ksilon an vle di (Travay 5:30; 10:39; 13:29; Galat 3:13; 1 Pyè 2:24). Nou jwenn mo ksilon an nan vèsyon LXX la nan 2 Esdras 6:11 (Ezra 6:11), e nan vèsè sa a, yo sèvi ak mo sa a pou pale de pout yo te konn pann moun ki vyole lalwa yo, e se menm mo sa a nou jwenn nan Travay 5:30; 10:39 la.
Anrapò ak sans mo stowòs la, men sa W. Vine di nan yon liv (An Expository Dictionary of New Testament Words, 1966, vol. I, p. 256): “Premye sans mo STOWÒS la (σταυρός) se yon poto. Se sou yo yo te konn kloure malfektè. Lè yo pale de stowòs la e lè yo pale de vèb la, stowowo ki vle di fikse sou yon poto, yo pap pale konsènan 2 moso bwa ki kwaze moun legliz jounen jodi a itilize a, paske okòmansman, de bagay sa yo te trè diferan. Fòm kwa sa a moun yo itilize a soti Kalde nan tan lontan, yo te konn sèvi avè l kòm senbòl pou dye Tamouz (se yon kwa ki te gen fòm premye lèt nan non dye sa a, ki te yon non mistik) ni nan peyi sa a ni nan lòt peyi ki te ozanviwon yo, san wete Lejip. Vè mitan 3yèm syèk anvan epòk nou an, legliz yo te gentan swa kite kèk nan doktrin anrapò ak kwayans kretyen yo swa yo te tòde yo. Pou yo te ka bay legliz ki te vin aposta a plis pwa, yo te aksepte payen antre nan legliz yo san yo pa t fè chanjman lakay yo selon lafwa yo te vin genyen an, e yo te aksepte yo kenbe anpil nan siy ak senbòl yo te genyen yo. Se konsa, kòm senbòl pou reprezante ‘kwa’ Kris la, yo te vin adopte lèt T a (se dènye fason sa a moun plis konnen l). Se senbòl kote travès ki sou poto a yon ti jan pi ba pase tèt poto ki kanpe a.”
Men ki sa diksyonè laten Lewis ak Short la bay kòm definisyon prensipal pou kwouks: “Yon pyebwa, oswa lòt bagay an bwa yo te konn sèvi pou touye moun yo te kondane, se sou li yo te konn kloure oswa pann kriminèl yo.” Mo “kwa” a se yon definisyon mo kwouks la ki vin parèt annapre. An laten, sa yo te rele kwouks simplèks la se te yon sèl poto kote yo te konn kloure kriminèl. Jis Lips (1547-1606) montre youn nan poto sa yo nan liv li a ki rele De cruce libri tres (Antwerp, 1629, p. 19). N ap jwenn yon foto imaj sa a anba paj la.
Men sa Hermann Fulda di nan liv li a ki rele Das Kreuz und die Kreuzigung (Kwa ak krisifiksyon, Breslau, 1878, p. 109): “Se pa tout kote yo te prevwa touye moun yo te kondane yo ki te gen pyebwa. Lè konsa, yo te konn pike yon poto nan tè. Yo te konn mete kriminèl yo sou li, avèk de men yo leve anlè e byen souvan tou yo te konn mare pye yo oswa yo te kloure yo sou poto a.” Apre Fulda fin bay bonkou prèv sou sa, men sa li di kòm konklizyon nan paj 219, 220 nan liv la: “Jezi te mouri sou yon senp poto: kòm prèv nou gen sou sa, nou genyen 1) koutim ki te egziste ann Oryan, nan epòk la, pou touye moun yo te kondane yo, 2) yon fason endirèk, istwa ki pale de soufrans Jezi te andire yo epi 3) anpil deklarasyon moun yo rele fondatè Legliz yo te fè.”
Paul Wilhelm Schmidt, yon ansyen pwofesè nan inivèsite Bal (peyi Swis) te pale an detay de mo grèk stowòs la nan liv li a ki rele Istwa Jezi (Die Geschichte Jesu, vol. 2, Tübingen and Leipzig, 1904, pp. 386-394). Men sa l di nan p. 386 liv la: “Mo σταυρός [stowòs] la vle di yon poto oswa yon chouk bwa ki kanpe.” Anrapò ak kondanasyon Jezi a, men sa Paul Schmidt ekri nan p. 387-389: “Selon istwa nou jwenn nan Evanjil yo, apre bay moun baton, kloure moun se fòm pinisyon ki pi senp Women yo te genyen e se li yo fè konnen yo te fè Jezi, sa vle di yo te kloure l sou yon poto san rad sou li. E nou pap bliye: poto sa a, Jezi te pote l oubyen li te trennen l rive kote yo te gen pou yo touye l la, se te yon fason pou chatiman yo t ap ba li a te parèt pi avilisan [...]. Lefètke, byen souvan, se pa pakèt yo te konn touye moun fason sa a, sa fè nou di pa gen mwayen pou se pa senpleman kloure yo te kloure Jezi sou yon poto: ni Varis (Jozèf, Antiquités judaïques, XVII 10. 10), ni Kwadratis (Lagè Juif yo II 12. 6), ni gouvènè Feliks (Lagè Juif yo II 15. 2 [13.2]), ni Titis (Lagè Juif yo VII. 1 [V 11. 1]) te fè touye 2 000 moun yon sèl kou.”
Kidonk, li klè pa gen okenn prèv ki montre yo te kloure Jezi Kris sou de moso bwa ki te kwaze byen dwat youn sou lòt. Nou pa vle ajoute anyen sou Pawòl Bondye fè ekri a e se sa k t ap fèt si nou ta vin avèk kesyon kwa payen yo nan Ekriti yo ki enspire. Se pou sa nou tradui stowòs ak ksilon selon sans pi senp yo genyen an. Piske Jezi te sèvi ak mo stowòs la pou l te pale de soufrans disip li yo t ap gen pou yo andire ak wont yo t ap fè yo wont (Matye 16:24), nou mete “poto soufrans” pou nou tradui stowòs. Konsa, diferans ant li menm ak mo ksilon an vin parèt, etandone se “poto” nou mete pou nou tradui mo ksilon an.
[Foto nan paj 466]
Foto kwouks simplèks