9 “Jeyèn” — Li senbolize destriksyon total
An grèk: γέεννα (jeyèna); an laten: gehenna (jeyena); ann ebre: גי הנם (jeyinòm, “vale Inòm”)
“Jeyèn” vle di “vale Inòm”, paske “jeyèn” se mo grèk ki koresponn ak mo ebre jeyinòm nan. Nou jwenn ekspresyon “vale Inòm” nan nan Jozye 18:16, e se “jeyena” yo mete nan plas ekspresyon sa a nan LXX la. Mo sa a parèt 12 fwa nan liv ki te ekri an grèk yo, e premye kote l parèt se nan Matye 5:22. Nan Tradiksyon monn nouvo a, yo mete “jeyèn” pou tradui mo grèk la chak fwa li parèt. Li parèt nan Matye 5:22, 29, 30; 10:28; 18:9; 23:15, 33; Mak 9:43, 45, 47; Lik 12:5; Jak 3:6.
Vale Inòm nan twouve l nan sidwès kote ansyen Jerizalèm te ye a (Jozye 15:8; 18:16; Jeremi 19:2, 6). Sou rèy dènye wa Jida yo, se la yo te konn adore dye payen ki rele Molèk la, e yo te konn boule moun kòm sakrifis pou ofri bay dye sa a (2 Kwonik 28:3; 33:6; Jeremi 7:31, 32; 32:35). Wa Yochiya, ki te yon wa fidèl, te fè sal vale a, sitou kote yo te rele Tofèt la, yon fason pou anpeche moun rekòmanse al nan vale a pou fè vye pratik sa yo.—2 Wa 23:10.
Men ki enfòmasyon David Kimḥi (1160?-1235?), yon Juif ki te konn fè kòmantè sou Labib, te bay anrapò ak jeyinòm nan yon kòmantè li te fè sou Sòm 27:13: “Se yon kote ki ozanviwon Jerizalèm, se yon vye kote, se kote yo jete bagay ki pa pwòp ak kadav. Epitou, toujou gen yon dife la ki pou boule bagay ki pa pwòp yo ak zo kadav yo. Se sa k fè, yon fason senbolik, yo rele jijman moun mechan yo jeyinòm.”
Vale Inòm nan te vin tounen kote yo jete fatra e kote yo boule fatra nan Jerizalèm. Yo te konn jete kadav bèt ladan l pou yo te ka boule paske li te gen dife e yo te konn mete souf nan dife a pou dife a pa mouri. Yo te konn jete kadav kriminèl ladan l tou, kriminèl lajistis te fè touye, paske moun yo te estime kriminèl sa yo pa t merite pou yo fè yon antèman nòmal pou yo e pou yo mete yo nan yon tonm. Lè kadav yo te tonbe nan dife a yo te boule nèt, men lè yo te tonbe sou youn nan wòch ki te nan gwo ravin sa a, kadav yo te dekonpoze e vè te anvayi yo. Vè sa yo pa t mouri toutotan yo pa t fin devore tout chè ki sou kadav la pou yo kite zo yo sèlman. Kidonk, moun yo te konsidere se pi gwo pinisyon yo te ka bay yon moun lè yo lage kadav li nan jeyèn nan. Se apati jeyèn sa a ak siyifikasyon l, yo vin avèk senbòl ‘letan dife ak souf’ la. —Revelasyon 19:20; 20:10, 14, 15; 21:8.
Yo pa t konn lage ni bèt vivan ni moun vivan nan jeyèn nan pou yo boule vif oswa pou yo toumante yo. Se sa k fè, kote sa a pa t ap janm kapab senbolize yon kote moun pa ka wè, yon kote y ap toumante nanm moun pou toutan nan yon dife oswa kote vè ap manje moun nan san vè yo pa janm mouri. Lefètke yo te lage kadav kriminèl yo nan jeyèn nan paske yo pa t merite pou yo antere yo nan yon tonm, ki senbolize espwa rezirèksyon an, sa te fè Jezi ak disip li yo te sèvi ak mo jeyèn nan pou yo fè moun konprann ki sa sa vle di destriksyon total yon moun nan linivè a, eliminasyon total li, oswa “dezyèm lanmò” a, ki se yon pinisyon etènèl.
Tout sa nou di la a byen mache ak de nan kalite Jewova yo ki se jistis ak lanmou. —Konpare l ak Egzòd 34:6, 7; 1 Jan 4:8.