Me
Jedi 1ye me
Pral gen yon gwo grangou. — Tra. 11:28.
Kretyen nan premye syèk yo te oblije andire lè te vin gen yon gwo grangou “sou tout tè a”. Se sèten chèf fanmi yo t ap mande tèt yo ki jan yo t ap fè bay fanmi yo manje. E ki sa nou kapab di konsènan jèn yo ki te vle fè plis nan travay predikasyon an? Petèt, yo t ap mande tèt yo si yo ta dwe tann sitiyasyon an chanje anvan yo fè sa. Kèlkeswa jan sa te ye pou kretyen yo, yo te adapte yo. Yo te kontinye fè sa yo kapab nan travay predikasyon an e yo te kontan pataje sa yo te genyen ak kretyen ki te nan Jide yo (Tra. 11:29, 30). Kretyen ki te jwenn èd yo te ka wè jan Jewova t ap pran swen yo (Mat. 6:31-33). Yo dwe te vin pi pwòch ak frè ak sè ki te ede yo lè sa a. Kretyen ki te fè ofrann yo oswa ki te patisipe nan travay pote sekou a te ka wè jan sa bay kè kontan lè yon moun bay. — Tra. 20:35. w23.04 16 § 12-13.
Vandredi 2 me
Nou konnen n ap gen bagay nou mande yo, piske nou mande l yo. — 1 Jan 5:15.
Pafwa Jewova konn sèvi ak moun ki pap adore l pou l reponn priyè sèvitè l yo. Pa egzanp, lè Neyemi te mande wa Atagzèsès pèmisyon pou l retounen Jerizalèm pou l te ka patisipe nan travay ki t ap fèt pou rekonstwi vil la, Jewova te touche kè wa a pou fè l aksepte sa Neyemi te mande l la (Ney. 2:3-6). Menm jan an tou jodi a, Jewova kapab touche kè menm moun ki pap adore l pou ede n lè n bezwen sa. An jeneral, Jewova pa reponn priyè nou yo yon fason ki estrawòdinè. Men, repons nou jwenn yo, se jis sa n bezwen pou n ret fidèl ak Papa nou ki nan syèl la. Donk, chèche wè ki fason Jewova reponn priyè w. Detanzantan pran yon ti tan pou n reflechi sou fason Jewova reponn priyè w (Sòm 66:19, 20). Se pa sèlman lè n priye Jewova nou montre nou gen lafwa, men, lè n aksepte kèlkeswa repons li ban nou an, nou montre n gen lafwa tou. — Ebre 11:6. w23.05 11 § 13; 12 § 15-16.
Samdi 3 me
O Bondye m nan, mwen pran plezi pou m fè volonte w. — Sòm 40:8.
Lè n te vwe Jewova lavi n, nou te pwomèt pou n adore l e pou n fè volonte l. Nou dwe kenbe ve sa a. Viv ann amoni ak ve nou te fè a pa yon pwa lou. Dayè, Jewova te kreye n pou n fè volonte l (Rev. 4:11). Li fè nou yon fason pou n anvi konnen l e pou n adore l, e li fè nou pòtre ak li. Se sa k fè nou kapab pwoche bò kote l e nou kapab gen kè kontan lè n fè volonte l. Sa k pi enpòtan an, lè n fè volonte Bondye e n suiv egzanp Pitit Gason l lan, nou “jwenn fòs”. (Mat. 11:28-30.) Donk, kontinye fè efò pou w renmen Jewova pi plis lè w medite sou tout bon bagay li fè pou ou ak sou benediksyon li rezève pou ou. Plis ou renmen Bondye, se plis l ap fasil pou w obeyi l (1 Jan 5:3). Jezi te rive fè volonte Bondye paske l te priye Jewova pou l ede l e l te kontinye panse ak rekonpans li t apral jwenn nan (Ebre 5:7; 12:2). Menm jan ak Jezi, priye Jewova pou l ba w fòs, epi kenbe esperans lavi ki pap janm fini an klè nan lespri w. w23.08 27-28 § 4-5.
Dimanch 4 me
Èske se pa meprize w meprize kokenn bonte, kokenn andirans ak kokenn pasyans Bondye genyen paske w pa konnen se bonte Bondye gen lakay li ki fè li vle w repanti? — Wom. 2:4.
Nou tout renmen moun ki gen pasyans. Sa k fè sa? Nou apresye moun ki kapab ret tann yon bagay san yo pa kontrarye. Nou kontan lè lòt moun pran pasyans avè n lè n fè erè. E nou gen rekonesans dèske moun ki t ap etidye Labib avè n nan te pran pasyans avè n pandan nou t ap fè efò pou n aprann yon ansèyman nan Bib la, pou n aksepte l oswa pou n aplike l. Anplis de sa, nou vrèman gen rekonesans dèske Jewova Dye pran pasyans ak nou! Byenke nou kapab renmen lè lòt moun gen pasyans, li ka pa toujou fasil pou n montre nou gen pasyans. Pa egzanp, nou ka twouve l difisil pou n rete kalm lè n nan blokis, sitou si n anreta. Nou ka fache anpil lè lòt moun kontrarye n. E pafwa, nou ka twouve l difisil pou n kontinye ret tann monn nouvo Jewova pwomèt la. Poutan, nan tout sikonstans sa yo nou bezwen gen plis pasyans. w23.08 20 § 1-2.
Lendi 5 me
Jedeyon voye tout lòt mesye yo lakay yo. Se 300 gason yo sèlman ki te rete avèk li. — Jij 7:8.
Jewova te mande Jedeyon pou l te voye prèske tout sòlda yo lakay yo. Petèt Jedeyon te di tèt li: ‘Èske chanjman sa a vrèman nesesè? Èske sa ap mache?’ Aktout sa, Jedeyon te obeyi. Jodi a, ansyen yo suiv egzanp Jedeyon lè yo chanje fason yo te konn fè yon bagay paske òganizasyon an mande yo fè sa (Ebre 13:17). Jedeyon te obeyi Jewova malgre l te pè e malgre te gen danje nan sa Jewova te mande l fè a (Jij 9:17). Apre Jewova te fin bay Jedeyon asirans li avè l, Jedeyon pa t gen okenn dout Bondye t ap ede l pou l pwoteje pèp Li a. Ansyen k ap viv nan zòn kote yo entèdi travay predikasyon an suiv egzanp Jedeyon. Yo met kouraj sou yo pou yo pran latèt nan òganize reyinyon yo ak travay fè disip la malgre sa ka lakòz yo arete yo, yo poze yo kesyon, yo pèdi travay yo oswa yo fè vyolans sou yo. Pandan gwo tribilasyon an, ansyen yo pral bezwen met kouraj sou yo pou yo obeyi enstriksyon yo pral resevwa, kèlkeswa danje sa ta gen ladan l. w23.06 5-6 § 12-13.
Madi 6 me
M ap onore moun ki onore m. — 1 Sam. 2:30.
Jewova te fè met bèl aksyon Gran prèt Jewoyada te fè yo nan Bib la pou n ka aprann nan egzanp li (Wom. 15:4). E lè Jewoyada mouri, Jewova te fè l yon gwo onè, li te pèmèt yo antere l “nan Vil David la bò kote wa yo paske li te fè anpil bon bagay ann Izrayèl pou vrè Dye a e pou kay Li a”. (2 Kwo. 24:15, 16.) Istwa Jewoyada a ka ede nou tout vin gen lakrentif pou Bondye. Ansyen yo kapab suiv egzanp Jewoyada lè yo ret vijilan e lè yo toujou pwoteje twoupo Bondye a (Tra. 20:28). Yon bagay moun ki granmoun yo kapab aprann nan egzanp Jewoyada sèke lè yo gen lakrentif pou Jewova e yo ret fidèl, Jewova ka sèvi avèk yo pou l reyalize objektif li. Epitou, jèn yo kapab suiv egzanp Jewova nan fason l te aji avèk Jewoyada. Yo kapab fè sa lè yo byen aji ak frè ak sè ki granmoun ki fidèl yo, lè yo onore yo e yo respekte yo, sitou frè ak sè ki gen lontan depi y ap sèvi Jewova (Pwo. 16:31). Annou tout kontinye kolabore ak “moun k ap dirije nou yo” lè n obeyi yo. — Ebre 13:17. w23.06 17 § 14-15.
Mèkredi 7 me
Pawòl nan bouch moun ki dwat la soulaje anpil moun. — Pwo. 10:21.
Lè w nan reyinyon, sèvi ak bon jijman lè w ap deside konbyen fwa w ap leve men w pou w fè kòmantè. Si n leve men nou twò souvan, nou ka fè frè k ap kondui Toudegad la santi l oblije pran nou plizyè fwa, menm lè lòt moun poko jwenn posiblite pou yo fè kòmantè. Sa ka fè yo pa anvi leve men yo ankò (Ekl. 3:7). Lè gen anpil pwoklamatè ki leve men yo pou yo fè kòmantè, nou ka pa jwenn posiblite pou n fè kòmantè souvan jan n ta renmen an. Pafwa, frè k ap kondui Toudegad la ka pa kapab chwazi n ditou. Sa ka dekouraje n, men, nou pa ta dwe panse se paske frè a gen yon pwoblèm avè n ki fè l pa pran nou (Ekl. 7:9). Si w pa jwenn posiblite pou w fè kòmantè souvan jan w ta renmen an, sa w panse si w ta byen koute lòt moun k ap fè kòmantè epi w felisite yo apre reyinyon an? Frè w ak sè w yo ka twouve felisitasyon w yo ankouraje yo menm jan ak kòmantè w te ka fè. w23.04 23-24 § 14-16.
Jedi 8 me
Kè mwen fèm, o Bondye. — Sòm 57:7.
Etidye Pawòl Bondye a epi medite sou li. Menm jan yon pyebwa ka rete djanm si rasin li byen fon nan tè, se menm jan an tou, nou kapab rete fèm si lafwa nou byen anrasinen nan Pawòl Bondye a. Tank yon pyebwa ap grandi, se tank rasin li ap antre pi fon nan tè e se tank y ap gaye pi lwen. Lè nou etidye e nou medite, lafwa nou vin pi solid e nou vin gen plis konviksyon se fason Bondye aji ki pi bon (Kol. 2:6, 7). Reflechi sou fason enstriksyon, konsèy ak pwoteksyon Jewova te bay sèvitè l yo nan tan lontan te ede yo. Pa egzanp, Ezekyèl t ap suiv ak anpil atansyon jan yon zanj t ap pran san l pou l byen mezire tanp Ezekyèl te wè nan yon vizyon l te fè. Vizyon sa a te bay Ezekyèl fòs, e li ban nou bonjan leson sou fason nou ka soutni prensip Jewova bay anrapò ak vrè adorasyon an (Eze. 40:1-4; 43:10-12). Nou menm tou n ap jwenn byenfè lè n pran tan pou n etidye bagay pwofon ki nan pawòl Bondye a e pou n medite sou yo. Kè n kapab fèm tou lè n met tout konfyans nou nan Jewova. — Sòm 112:7. w23.07 18 § 15-16.
Vandredi 9 me
Toujou bat [...] pou w aprann reflechi. — Pwo. 3:21.
Bib la chaje ak bon egzanp pou jèn gason yo imite. Mesye nan tan lontan sa yo te renmen Bondye e yo te pran swen pèp Bondye a divès fason. Ou kapab jwenn bèl egzanp frè ki gen matirite tou nan fanmi w ak nan kongregasyon an (Ebre 13:7). E pi bèl egzanp ou genyen se Jezi Kris (1 Pyè 2:21). Pandan w ap byen egzamine egzanp sa yo, reflechi sou bèl kalite moun sa yo te genyen (Ebre 12:1, 2). Apre sa, chèche wè ki jan w ka imite mesye sa yo. Yon gason ki aprann reflechi, byen egzamine posiblite l genyen anvan l aji. Donk, fè anpil efò pou w vin gen kapasite sa a e pou w kontinye genyen l. Pou kòmanse, aprann prensip ki nan Bib la e reflechi pou w wè jan yo itil. Apre sa, sèvi ak prensip sa yo pou ede w pran desizyon k ap fè Jewova plezi (Sòm 119:9). Sa ap vrèman ede w vin yon kretyen ki gen matirite. — Pwo. 2:11, 12; Ebre 5:14. w23.12 24-25 § 4-5.
Samdi 10 me
Se pou nou toujou pare pou nou defann nou devan nenpòt moun ki mande nou rezon ki fè nou gen esperans nou genyen an. Men, se pou nou fè sa avèk dousè e avèk gwo respè. — 1 Pyè 3:15.
Paran yo bezwen byen aprann pitit yo fason pou yo reponn avèk dousè lè lòt moun vle fè diskisyon avè yo sou kwayans yo (Jak 3:13). Gen paran ki konn fè repetisyon ak pitit yo pandan y ap fè adorasyon an fanmi. Yo egzamine yon seri sijè yo ka diskite ak timoun yo nan lekòl yo. Yo fè demonstrasyon avè yo sou fason pou yo reponn, epi, yo aprann timoun yo fason pou yo pale avèk dousè e avèk jantiyès. Antanke kretyen, lè n fè repetisyon, sa kapab ede n pou n pale avèk konviksyon e pou n konvenk tèt nou nou gen bonjan rezon pou n kwè nan sa n aprann yo. Nan ribrik “Kesyon jèn yo konn poze” ki sou sit jw.org la, gen anpil fich aktivite pou adolesan. Yo la pou ede yo ranfòse kwayans yo e pou prepare yo pou yo reponn nan pwòp mo pa yo. Lè n egzamine seri sa yo ak fanmi nou, nou tout ap kapab aprann fason pou n defann lafwa n avèk dousè e avèk jantiyès. w23.09 17 § 10; 18 § 15-16.
Dimanch 11 me
Annou pa sispann fè sa ki byen, paske lè lè a rive, n ap rekòlte si nou pa kite fatig pote n ale. — Gal. 6:9.
Èske w te gen yon objektif nan sèvis Bondye e w te fè anpil efò pou w rive reyalize l? Si w te nan sitiyasyon sa a, se pa ou menm sèl. Pa egzanp Philip te vle amelyore priyè l ap fè e l te vle priye pi souvan, men, li pa t fasil ditou pou l jwenn tan pou l priye. Erika te gen objektif pou l rive alè nan reyinyon predikasyon. Aktout sa, li te toujou anreta nan prèske chak reyinyon. Si w gen yon objektif ou poko reyalize, sa pa vle di w echwe. Souvan, sa mande tan ak anpil efò pou yon moun reyalize menm yon objektif ki tou senp. Lefètke w toujou vle reyalize objektif ou genyen an, sa montre ou bay relasyon ou gen ak Jewova a anpil enpòtans e w vle ba l sa w genyen ki pi bon an. Jewova bay efò w ap fè yo anpil valè. Nòmalman, li pa atann pou w fè plis pase sa w kapab (Sòm 103:14; Miche 6:8). Donk, ou bezwen gen objektif ki rezonab, selon sitiyasyon w. w23.05 26 § 1-2.
Lendi 12 me
Si Bondye pou nou, kiyès ki ka kanpe anfas nou? — Wom. 8:31.
Moun ki gen kouraj yo konn pè, men, yo pa kite laperèz anpeche yo fè sa ki dwat. Dànyèl se te yon jèn gason ki te gen anpil kouraj. Li te etidye sa pwofèt Bondye yo te ekri yo, san wete pwofesi Jeremi yo. Etid sa a Dànyèl te fè a te vin ede l konprann menmsi Juif yo te gen lontan depi yo prizonye nan Babilòn, sa pa t ap pran anpil tan pou yo libere (Dàn. 9:2). Lefètke Dànyèl te wè pwofesi nan Bib la reyalize, se sèten sa te fè l vin gen plis konfyans nan Jewova, e moun ki gen anpil konfyans nan Bondye ka vin gen anpil kouraj. (Konpare ak Women 8:32, 37-39.) Sa k pi enpòtan an, Dànyèl te konn priye Papa l ki nan syèl la souvan (Dàn. 6:10). Dànyèl te konfese peche l devan Jewova e li te fè l konnen sa l santi. Epitou, li te mande Jewova ede l (Dàn. 9:4, 5, 19). Dànyèl te yon moun menm jan ak nou, li pa t fèt tou gen kouraj. Okontrè, li te vin gen kalite sa a paske l te konn etidye, li te konn priye Jewova e l te met konfyans li nan Li. w23.08 3 § 4; 4 § 7.
Madi 13 me
Se pou limyè nou briye devan lèzòm, konsa y ap ka wè bèl aksyon nou yo e y ap ka bay Papa nou ki nan syèl la glwa. — Mat. 5:16.
Lè n obeyi otorite yo, sa bon ni pou nou ni pou lòt moun. Nan ki sans? Yon bagay ki sèten, nou pa jwenn pinisyon moun ki dezobeyi lalwa yo jwenn (Wom. 13:1, 4). Lè n obeyi otorite yo, sa kapab fè yo byen wè Temwen Jewova yo an jeneral. Pa egzanp, sa gen kèk dizèn ane nan peyi Nijerya, gen sòlda ki te antre nan yon Sal Wayòm pandan yon reyinyon. Yo t ap chèche moun ki t ap simen latwoublay poutèt yo pa t vle peye taks. Men, ofisye ki te alatèt sòlda yo te mande yo pou yo ale, e l te di: “Temwen Jewova yo pa konn nan fè dezòd poutèt yo pa vle peye taks.” Chak fwa w obeyi lalwa, sa pèmèt Temwen Jewova yo kontinye gen bon repitasyon, e yon lè, repitasyon sa a ka ede frè n ak sè n yo jwenn pwoteksyon. w23.10 9 § 13.
Mèkredi 14 me
Nou bezwen gen andirans, yon fason pou lè nou fin fè volonte Bondye, nou ka resevwa sa l te pwomèt la. — Ebre 10:36.
Gen sèvitè Jewova ki gen lontan depi y ap tann sistèm sa a rive nan bout li. Pou yon seri moun, lafen an te dwe vin deja. Jewova konnen ki jan sèvitè l yo santi yo. Anfèt, li te di pwofèt Abakouk: “Vizyon an ap reyalize nan lè ki fikse pou sa a. Lè sa a ap rive byen vit, e vizyon an se pa yon manti. Menmsi l ta fè reta, kontinye tann li! Paske, l ap reyalize kanmenm. Li pap anreta!” (Aba. 2:3). Èske se Abakouk sèlman Bondye te bay asirans sa a? Oswa èske pawòl Li di yo gen yon sans pou nou menm tou jodi a? Jewova te fè apot Pòl aplike pawòl sa yo pou kretyen yo, yo menm k ap tann monn nouvo a (Ebre 10:37). Kidonk, nou kapab gen asirans, menmsi pwomès Jewova fè pou l delivre nou an parèt pran tan pou l reyalize, “l ap reyalize kanmenm. Li pap anreta”! w23.04 30 § 16.
Jedi 15 me
Tout Izrayelit yo te pran plenyen kont Moyiz. — Nonb 14:2.
Izrayelit yo te rejte prèv klè ki te montre Jewova t ap sèvi ak Moyiz pou reprezante l (Nonb 14:10, 11). Se pa ni de ni twa fwa yo te refize rekonèt otorite Moyiz. Se sa k fè, Jewova pa t kite jenerasyon Izrayelit sa a antre nan Peyi li te pwomèt yo a (Nonb 14:30). Yon lòt bò, gen kèk izrayelit ki te suiv direksyon Jewova. Pa egzanp, men sa Jewova te di: “Kalèb [...] te kontinye suiv mwen ak tout kè l.” (Nonb 14:24). Bondye te rekonpanse Kalèb. Li te menm ba l posiblite chwazi moso tè li vle nan peyi Kanaran (Joz. 14:12-14). Jenerasyon Izrayelit ki te vin annapre a te suiv direksyon Jewova tou. Apre lanmò Moyiz, lè Jozye te vin ap dirije pèp Izrayèl la, “pandan tout lavi Jozye, yo te gen gwo respè pou li”. (Joz. 4:14.) Kòm rezilta, Jewova te beni yo lè l te fè yo antre nan Peyi li te pwomèt yo a. — Joz. 21:43, 44. w24.02 21 § 6-7.
Vandredi 16 me
Yon moun ki renmen Bondye dwe renmen frè l tou. — 1 Jan 4:21.
Menm jan yon doktè ka tcheke batman kè nou nan ponyèt nou pou l wè ki jan kè nou ye, se konsa tou nou ka wè jis nan ki pwen nou renmen Bondye lè n egzamine fason nou demontre lanmou pou lòt moun. Si nou remake lanmou nou gen pou frè n ak sè n yo yon ti jan ap bese, sa ka vle di lanmou nou gen pou Bondye ap bese tou. Men, lè n toujou montre nou renmen frè n ak sè n yo, sa montre nou gen anpil lanmou pou Bondye. Si lanmou nou gen pou frè n ak sè n yo ap bese, sa ta dwe ban nou pwoblèm. Poukisa? Paske sa ka vle di relasyon n ak Jewova an danje. Apot Jan te montre sa klè lè l te fè n sonje: “Yon moun ki pa renmen frè l li wè pa ka renmen Bondye li pa wè.” (1 Jan 4:20). Ki leson nou aprann? Se sèlman si nou gen “lanmou youn pou lòt”, n ap ka fè Jewova plezi. — 1 Jan 4:7-9, 11. w23.11 8 § 3; 9 § 5-6.
Samdi 17 me
Papa w ak manman w ap kontan. — Pwo. 23:25.
Lè wa Jewowas te timoun, li te pran yon desizyon ki gen sajès. Piske l pa t gen papa, li te fè sa gran prèt Jewoyada ki te fidèl te di l fè. Prèt sa a te bay Jewowas fòmasyon kòmsi se te pwòp pitit gason l. Jewowas te montre l gen sajès lè l te deside pran latèt nan adorasyon ki pwòp la e lè l te chwazi sèvi Jewova. Jewowas te menm pran dispozisyon pou fè repare tanp Jewova a (2 Kwo. 24:1, 2, 4, 13, 14). Si paran w oswa yon lòt moun ap aprann ou renmen Jewova epi viv ann amoni ak prensip li yo, yo ba w yon kado ki gen anpil valè (Pwo. 2:1, 10-12). Paran w ka ba w fòmasyon plizyè fason. Paran w ap kontan lè w koute konsèy yo ba w ki baze sou Bib la. Sa k pi enpòtan an, w ap fè kè Bondye kontan e w ap zanmi l nètale (Pwo. 22:6; 23:15, 24). Èske sa pa ba w bonjan rezon pou w suiv egzanp Jewowas lè l te jèn? w23.09 8-9 § 3-5.
Dimanch 18 me
M ap koute nou. — Jer. 29:12.
Jewova pwomèt l ap koute priyè nou. Bondye nou an renmen sèvitè fidèl li yo, donk l ap toujou koute priyè yo (Sòm 10:17; 37:28). Men, sa pa vle di l ap ban nou kèlkeswa sa nou mande l. Nou ka bezwen tann monn nouvo a rive pou n jwenn kèk nan bagay nou mande l yo. Jewova chèche wè si sa nou mande yo ann amoni ak objektif li (Eza. 55:8, 9). Objektif Jewova gen ladan l pou tout tè a chaje ak moun ki kontan obeyi l kòm Dirijan yo. Men, Satan fè konnen lèzòm t ap pi byen si yo dirije tèt yo poukont yo (Jen. 3:1-5). Pou Jewova montre aklè sa Dyab la di a se manti, li kite lèzòm dirije tèt yo poukont yo. Sepandan, lefètke se lèzòm k ap dirije, sa lakòz anpil nan pwoblèm nou jwenn jodi a (Ekl. 8:9). Sa fè n konprann Jewova pap elimine tout pwoblèm sa yo depi kounye a. w23.11 21 § 4-5.
Lendi 19 me
Mwen fè w vin papa anpil nasyon. — Wom. 4:17.
Jewova te pwomèt anpil nasyon t ap jwenn benediksyon pa mwayen Abraram. Sepandan, lè Abraram te gen 100 an e Sara te gen 90 an, yo potko gen pitit gason Jewova te pwomèt yo a. Yon moun te ka panse li enposib pou Abraram ak Sara te vin gen yon pitit gason. Sitiyasyon sa a te yon gwo eprèv pou Abraram. “Abraram te gen lafwa sou baz esperans li te genyen an, [...] li [t ap] vin papa anpil nasyon.” (Wom. 4:18, 19). Rive yon lè, esperans Abraram te genyen an te vin yon reyalite. Li te vin papa Izarak, pitit gason li t ap tann depi lontan an (Wom. 4:20-22). Nou kapab gen favè Bondye e li kapab konsidere nou kòm moun ki jis antanke zanmi l, menm jan ak Abraram. An reyalite, se sa Pòl te montre lè l te di: “Se pa pou [Abraram] sèlman yo te ekri pawòl ki di: ‘Sa te fè Bondye konsidere l’ la. Men, yo te ekri l tou pou nou menm Bondye pral konsidere kòm moun ki jis, paske nou kwè nan li menm ki te resisite Jezi.” (Wom. 4:23, 24). Menm jan ak Abraram, nonsèlman nou bezwen gen lafwa e nou bezwen montre sa nan aksyon nou, men tou, nou bezwen gen esperans. w23.12 7 § 16-17.
Madi 20 me
Ou wè soufrans mwen yo. Ou konnen jan m nan gwo pwoblèm. — Sòm 31:7.
Lè w jwenn yon eprèv ki fè w pè, sonje Jewova wè sa e li konnen jan sa fè w santi w. Pa egzanp, nonsèlman Jewova te wè jan yo t ap maltrete Izrayelit yo nan peyi Ejip, men tou, li te wè “jan [yo t] ap soufri”. (Egz. 3:7.) Sepandan, ou ka ap mande tèt ou ki jan Jewova ap ede w lè w ap fè fas ak yon eprèv ki fè w pè. Nan ka sa a, mande l pou l ede w wè jan l ap fè sa (2 Wa 6:15-17). Epi, reflechi sou kesyon ki vin annapre yo: Èske yo te fè yon diskou oswa yon kòmantè nan yon reyinyon nan kongregasyon an ki te ba w fòs? Èske gen yon piblikasyon, yon videyo oswa yon chante ki te ankouraje w? Èske gen yon moun ki te di w yon bagay oswa ki te li yon vèsè ansanm avè w ki te ankouraje w? Li ka fasil pou n bliye jan lanmou frè n ak sè n yo ak bonjan ankourajman nou jwenn nan Pawòl Bondye a te ede nou. Sepandan, yo se bonjan kado Jewova ban nou (Eza. 65:13; Mak 10:29, 30). Yo se prèv ki montre li gen sousi pou ou (Eza. 49:14-16). E yo montre tou, li merite pou w fè l konfyans. w24.01 4-5 § 9-10.
Mèkredi 21 me
Bay esklav ou yo posiblite pou yo kontinye pale pawòl ou a ak anpil kran. — Trav. 4:29.
Yon ti tan anvan Jezi retounen nan syèl, li te fè disip li yo sonje responsablite yo genyen pou yo bay temwayaj sou li “nan Jerizalèm, nan tout Jide ak nan Samari, rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”. (Tra. 1:8; Lik 24:46-48.) Yon ti tan annapre, chèf relijye juif yo te arete apot Pyè ak apot Jan e yo te mennen yo devan Sanedren an. Yo te bay mesye fidèl sa yo lòd pou yo sispann preche e yo te menm menase yo (Tra. 4:18, 21). Pyè ak Jan te reponn: “Si sa bon nan je Bondye pou nou koute nou olye nou koute Bondye, se nou ki konnen. Men, kanta pou nou menm, nou pa ka sispann pale bagay nou te wè yo ak bagay nou te tande yo.” (Tra. 4:19, 20). Lè yo te lage Pyè ak Jan, disip yo te priye Jewova pou l te ede yo kontinye fè volonte l. — Tra. 4:31. w23.05 5 § 11-12.
Jedi 22 me
Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la. — Mat. 17:5.
Depi yon kantite tan moun pa konnen, Jewova ak Pitit Gason l lan li renmen anpil la te vin gen yon gwo lanmou ak anpil afeksyon youn pou lòt. Relasyon yo genyen an se relasyon ki la pi lontan nan linivè. Jewova te fè konnen aklè lanmou li genyen pou Jezi, jan nou li sa nan tèks pou jounen an. Jewova te ka annik di: ‘Men sila a mwen pran plezi nan li a.’ Sepandan, li te vle nou konnen li renmen Jezi anpil, se sa k fè li te rele l “Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la”. Jewova te fyè de Jezi e l te fyè de sa Jezi t apral fè a (Efe. 1:7). E Jezi pa t gen okenn dout sou lanmou Papa l gen pou li. Jezi te tèlman sèten Jewova renmen l, li te ka santi sa nan fon kè l. Pandan plizyè fwa li te di avèk konfyans Papa a renmen l. — Jan 3:35; 10:17; 17:24. w24.01 28 § 8.
Vandredi 23 me
Pito yon moun chwazi gen bon repitasyon olye l chwazi gen anpil richès. — Pwo. 22:1.
Imajine yon moun ou renmen anpil di yon move bagay sou ou. Ou konnen se manti li bay, malgre sa, gen moun ki kwè l. Sa k pi mal la, yo kòmanse gaye manti sa a e anpil lòt moun vin kwè tou. Ki jan w t ap santi w? Sandout manti sa a t ap fè w mal anpil, pa vre? Egzanp sa a ede n konprann fason Jewova te santi l lè yo te sal repitasyon l. Youn nan zanj li te kreye yo te bay Èv, premye fi ki te egziste a, manti sou li. Èv te pran nan manti sa a. Manti sa a te lakòz premye paran nou yo vin dezobeyi Jewova. Kòm konsekans, moun te vin peche e yo mouri (Jen. 3:1-6; Wom. 5:12). Se akoz manti Satan yo ki fè nou gen tout pwoblèm nou wè nan monn nan tankou lagè, soufrans ak lanmò. Èske sa fè Jewova mal lè l wè manti yo gaye sou li ak dega sa lakòz? Pa gen dout nan sa. Malgre sa, li pa pèdi jwa l. Okontrè, li toujou “Bondye ki gen kè kontan an”. — 1 Tim. 1:11. w24.02 8 § 1-2.
Samdi 24 me
Ki jan pou m ta ka fè gwosè mechanste sa a e pou m ta peche kont Bondye? — Jen. 39:9.
Ki jan w ka montre ou pran menm detèminasyon ak Jozèf? Depi kounye a, ou kapab deside ki sa w ap fè si w jwenn yon tantasyon. Aprann di non tousuit pou bagay Jewova rayi, pa menm ret ap panse ak yo (Sòm 97:10; 119:165). Konsa, ou pap peche lè w jwenn tantasyon. Petèt ou konnen ou jwenn laverite e w vle sèvi Jewova ak tout kè w, men, gen yon bagay ki kontinye anpeche w vwe Jewova lavi w epi batize. Ou kapab suiv egzanp wa David. Ou kapab sipliye Jewova, ou kapab di l: “Egzamine m, o Bondye, pou w ka konnen sa k nan kè m. Egzamine m pou w ka konnen bagay k ap trakase m yo. Gade pou w wè si gen kèk bagay ki pa bon lakay mwen, epi gide m nan chemen letènite a.” (Sòm 139:23, 24). Priyè konsa montre ou vle Jewova ede w e w ap fè efò pou w vwe l lavi w e pou w batize. Jewova beni “moun k ap chèche l toutbonvre”. — Ebre 11:6. w24.03 6 § 13-15.
Dimanch 25 me
Li pa bezwen ofri sakrifis chak jou. — Ebre 7:27.
Gran prèt la te reprezante pèp la devan Bondye. Se Arawon Jewova te chwazi kòm premye gran prèt pou pèp Izrayèl la lè yo t ap inogire tabènak la. Sepandan, selon esplikasyon apot Pòl te bay, “anpil moun te oblije vin prèt youn apre lòt, paske lanmò te anpeche yo kontinye sèvi antanke prèt”. (Ebre 7:23-26.) E lefètke gran prèt sa yo te enpafè, yo te oblije ofri sakrifis pou pwòp peche yo. Sa fè nou wè gen yon gwo diferans ant gran prèt pèp Izrayèl la te genyen yo ak Jezi Kris, Gran Prèt ki gen plis enpòtans lan. Antanke Gran Prèt nou, Jezi Kris se “yon sèvitè [...] nan vrè tant lan, tant se pa lòm ki bati l la, men se Jewova ki bati l”. (Ebre 8:1, 2.) Pòl te fè konnen “kòm [Jezi] kontinye viv pou toutan, li gen fonksyon prèt li a san l pa gen okenn moun pou ranplase l”. Pòl te fè konnen tou Jezi se yon Gran Prèt “ki san tach, ki pa tankou pechè yo”, e kontrèman ak gran prèt ann Izrayèl yo, “li pa bezwen ofri sakrifis chak jou” pou peche pa l. w23.10 26 § 8-9.
Lendi 26 me
Ansyen syèl la ak ansyen tè a disparèt. — Rev. 21:1.
“Ansyen syèl la” gen rapò ak gouvènman yo Satan ak demon l yo ap enfliyanse (Mat. 4:8, 9; 1 Jan 5:19). Nan Bib la, mo “tè” a kapab gen rapò ak moun ki abite sou tè a (Jen. 11:1; Sòm 96:1). Kidonk, “ansyen tè a” reprezante moun ki mechan yo nan epòk nou an. Jewova pap annik chanje oswa repare “syèl” ak “tè” ki la kounye a, okontrè, l ap elimine yo nèt. L ap retire syèl ak tè ki la kounye a, e l ap met “yon syèl tounèf ak yon tè tounèf” nan plas yo, sa vle di yon nouvo gouvènman pral dirije moun ki jis yo. Jewova pral fè tè a ak lèzòm vin tounèf, sa vle di l ap fè yo vin pafè. Jan Ezayi te deja anonse sa, Jewova pral fè tout tè a vin bèl menm jan ak jaden Edenn. L ap fè nou vin tounèf, oswa l ap repare chak moun. Moun ki enfim nan pye, moun ki avèg ak moun ki bèbè pral geri, e menm moun ki mouri pral retounen viv ankò. — Eza. 25:8; 35:1-7. w23.11 4 § 9-10.
Madi 27 me
Se pou nou pare. — Mat. 24:44.
“Gwo tribilasyon” an ap vini sanzatann (Mat. 24:21). Men, kontrèman ak anpil lòt katastwòf, se pa tout moun l ap pran pa sipriz. Sa gen anviwon 2000 an, Jezi te avèti disip li yo pou yo pare pou jou sa a. Si nou prepare, l ap pi fasil pou n andire moman difisil sa a e pou n ede lòt moun fè menm jan an (Lik 21:36). N ap bezwen gen andirans pou n obeyi Jewova, toutpandan nou gen konfyans l ap pwoteje nou. Ki sa n ap fè si frè n ak sè n yo pèdi kèk nan bagay yo posede oswa yo pèdi tout sa yo posede (Aba. 3:17, 18)? N ap bezwen gen konpasyon k ap pouse n ba yo èd yo bezwen. Ki sa n ap fè si n oblije viv yon kote ansanm ak frè n ak sè n yo pandan yon tan, lè yon gwoup nasyon pral met ansanm pou yo atake nou (Eze. 38:10-12)? N ap bezwen gen anpil lanmou pou yo pou ede n fè fas ak moman difisil sa a. w23.07 2 § 2-3.
Mèkredi 28 me
Byen veye sou fason n ap mache a, pou nou pa mache tankou moun ki pa saj, men pou nou mache tankou moun ki saj. Se pou nou byen sèvi ak tan nou. — Efe. 5:15, 16.
Mari ak madanm kapab suiv egzanp Akila ak Prisil, de moun marye anpil frè ak sè nan premye syèk la te apresye (Wom. 16:3, 4). Yo te konn travay ansanm, yo te konn preche ansanm e youn te konn ede lòt (Tra. 18:2, 3, 24-26). Anfèt, lè Bib la ap pale de Akila ak Prisil, li toujou pale de yo ansanm. Ki jan mari ak madanm kapab imite yo? Reflechi sou tout bagay ou menm ak moun ou marye avè l la bezwen fè. Èske n ta kapab fè kèk nan aktivite sa yo ansanm olye n fè yo apa? Pa egzanp, Akila ak Prisil te konn preche ansanm. Èske nou planifye regilyèman pou n fè sa ansanm? Akila ak Prisil te konn travay ansanm. Se vre, ou menm ak moun ou marye avè l la ka pa gen menm travay, men èske n pa ta ka fè travay nan kay la ansanm (Ekl. 4:9)? Lè youn ede lòt fè yon travay, nou plis santi n tankou yon ekip e sa ban n okazyon pou n pale. w23.05 22-23 § 10-12.
Jedi 29 me
Lè laperèz anvayi m, se nan ou mwen met konfyans mwen. — Sòm 56:3.
Tout moun konn pè pafwa. Pa egzanp, lè wa Sayil te dèyè touye David, li te kouri al nan vil Gat, yon vil nan peyi Filisti. Byen vit, Akich, wa Gat la, te aprann David se sòlda vanyan yo te fè lwanj pou li lè yo t ap chante e yo t ap di David touye “plizyè dizèn milye” sòlda Filisti. David “te vin pè [...] anpil”. (1 Sam. 21:10-12.) Li te pè pou sa Akich te ka fè l. Ki sa k te ede l sispann pè? Nan Sòm 56, David te fè konnen jan l te santi l lè l te nan vil Gat. Nan sòm sa a, David esplike byen klè sa k te fè l pè, men tou, li te fè konnen sa k te ede l pou l pa t pè ankò. Lè David te sant l pè, li te met konfyans li nan Jewova (Sòm 56:1-3, 11). Li te gen bonjan rezon pou l te met konfyans li nan Jewova. Grasa èd Jewova, David te itilize yon taktik moun pa t abitye itilize, men ki te mache: Li te pran pòz moun fou l. Lè sa a, Akich te plis wè l deranje l olye l te wè l kòm yon menas. Se konsa David te rive chape. — 1 Sam. 21:13–22:1. w24.01 2 § 1-3.
Vandredi 30 me
Moun yo rele yo e ki ansanm avèk li yo, moun yo chwazi yo, moun ki fidèl yo, ap pote laviktwa sou yo tou. — Rev. 17:14.
Kiyès moun yo pale de yo nan tèks pou jounen an ye? Se kretyen Bondye chwazi pou al viv nan syèl ki resisite yo. Sa vle di, lè tout kretyen Bondye chwazi pou al viv nan syèl yo monte nan syèl la yon ti tan anvan gwo tribilasyon an fini, youn nan travay yo pral gen pou yo fè se goumen. Lè yo fin monte nan syèl, yo pral travay bò kote Jezi ak zanj li yo ki sen pou yo goumen yon dènye fwa kont ènmi Bondye yo. Fè yon ti reflechi: Lè kretyen sa yo te sou tè a, genyen ki te granmoun e yo te menm san fòs. Men, yonfwa yo resisite pou yo viv nan syèl la, y ap vin tounen espri ki pisan e ki pa ka mouri ki gen asiyasyon pou yo goumen bò kote Jezi Kris ki se yon Wa ki konn fè lagè. Apre lagè Amagedon, yo pral patisipe nan ede lèzòm vin pafè. Pa gen dout, yo pral plis itil frè ak sè yo ki sou tè a yo renmen anpil pandan yo nan syèl la pase lè yo te sou tè a antanke moun ki enpafè. w24.02 6-7 § 15-16.
Samdi 31 me
Kontinye viv selon lespri a, e nou pap akonpli okenn dezi lachè. — Gal. 5:16.
Gen kèk moun ki pare pou yo vwe Jewova lavi yo e pou yo batize ki kontinye ap rale kò yo dèyè. Yo ka di tèt yo: ‘E si apre sa mwen fè yo peche grav epi yo eskominye m?’ Si se sa k fè w pè, ou mèt gen konfyans Jewova ap ba w tout sa w bezwen pou w “mache yon fason ki diy devan [l], yon fason pou [w] fè l plezi nèt”. (Kol. 1:10.) Epitou, l ap ba w fòs pou w fè sa ki dwat. Fason li deja ede anpil lòt moun montre li kapab fè sa (1 Kor. 10:13). Se youn nan rezon ki fè pa gen anpil moun ki eskominye nan kongregasyon an. Jewova ede pèp li a ret fidèl. Akoz enpèfeksyon, tout moun gen tandans fè sa ki mal (Jak 1:14). Sepandan, lè w jwenn yon tantasyon ou dwe chwazi sa w ap fè. Anfèt, se ou menm finalman ki gen kontwòl sou fason w ap viv. Gen moun ki fè konnen nou pa ka gen kontwòl sou fason n ap viv ak sa n ap fè. Men, se pa vre. Ou kapab aprann gen kontwòl sou move dezi ou genyen. — w24.03 5 § 11-12.