Madi 2 janvye
Nou tande pale de andirans Jòb, e nou wè ki jan Jewova te fè bagay yo fini pou li. — Jak 5:11.
Pafwa, ou ka santi yo blese santiman w paske yon zanmi oswa yon moun nan fanmi w di w yon bagay ki dekourajan. Oubyen, petèt ou malad anpil oswa w ap soufri paske yon moun ou renmen mouri. Sepandan, kèlkeswa sa k rive w la, ou ka jwenn rekonfò nan egzanp Jòb (Jòb 1:18, 19; 2:7, 9; 19:1-3). Jòb pa t konnen rezon ki fè bridsoukou, li te kòmanse jwenn pakèt eprèv sa yo, men, li pa t bay vag. Ki sa k te ede l andire? Toudabò, li te renmen Jewova e l pa t vle fè l lapenn (Jòb 1:1). Jòb te vle fè Bondye plezi nan bon moman kou nan move moman. Anplis de sa, Jewova te ede Jòb wè pisans li lè l te pale avè l sou kèk nan bèl bagay li te kreye yo. Sa te menm fè Jòb vin gen plis konviksyon Jewova t ap retire pwoblèm li yo nan bon moman an (Jòb 42:1, 2). E se sa k te rive. Bib la di: “Jewova te retire Jòb nan soufrans li te ye a e li te fè l vin rich ankò. Jewova te ba l de fwa lavalè sa l te gen deja yo.” Jòb te fè “yon pakèt tan ap byen viv”. — Jòb 42:10, 17. w16.04 2:11, 13.
1-7 janvye
MATYE 1-3
Kantik 14 ak priyè
Pawòl entwodiksyon (3 minit oubyen mwens)
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A
“Wayòm syèl la vin pi pre”: (10 min.)
[Pase videyo Kèk bagay nou ka aprann nan liv Matye a.]
Mt 3:1, 2 — Jan ki te konn batize moun nan te fè konnen Moun ki t ap gen pou dirije Wayòm syèl la t ap gen pou parèt nan yon ti tan (“preche”, “Wayòm”, “Wayòm syèl la”, “vin pi pre” nwtsty nòt etid pou Mt 3:1, 2)
Mt 3:4 — Jan ki te konn batize moun nan te mennen yon vi senp e li te bay tout li menm nan fè volonte Bondye (“Rad ak aparans Jan ki te konn batize moun nan”, “Krikèt”, “Siwo myèl yo jwenn nan bwa” nwtsty foto/videyo pou Mt 3:4)
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl: (8 min.)
Mt 1:3 — Pou ki rezon petèt ki fè nan liv Matye a gen senk non fi ki parèt nan liy fanmi Jezi alòske tout rès yo se gason? (“Tama” nwtsty nòt etid pou Mt 1:3)
Mt 3:11 — Ki jan nou fè konnen batize mande pou plonje nèt anba dlo? (“batize nou” nwtsty nòt etid pou Mt 3:11)
Ki sa w te aprann sou Jewova nan lekti Labib pou semèn sa a?
Ki lòt trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?
Lekti Labib: (4 minit oubyen mwens) Mt 1:1-17
BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN
Videyo pou premye rankont lan: (4 min.) Pase videyo a epi pale sou li.
Premye nouvèl vizit: (3 minit oubyen mwens) Gade Modèl konvèsasyon.
Etid biblik: (6 minit oubyen mwens) bhs 41-42 § 6-7
LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Rapò sèvis pou ane ki sot pase a: (15 min.) Diskou. Se yon ansyen ki pou fè l. Apre l fin li lèt filyal la voye konsènan rapò sèvis pou ane ki sot pase a, l ap fè entèvyou ak kèk pwoklamatè li te deja chwazi e ki te fè bèl eksperyans nan travay predikasyon an pandan ane ki sot pase a.
Etid biblik kongregasyon an: (30 min.) jy chap. 2
Sa n wè semèn sa a ak sa n ap wè lòt semèn (3 min.)
Kantik 137 ak priyè