Mèkredi 20 mas
Pinga w fache epi w al lage kò w nan fè sa ki mal. — Sòm 37:8.
Byen souvan, lè moun ki gen san cho an kòlè, yo joure. Li klè, yon konpòtman konsa pa ka ede yon fanmi gen kè kontan. Bib la gen bonjan rezon lè l avèti nou kont kòlè, jouman ak rele sou moun (Efe. 4:31). Malerezman, konpòtman sa yo mennen souvan nan vyolans. Petèt monn nan wè l nòmal pou yon moun renmen fè kòlè, men, sa pa onore Jewova. Gen anpil moun ki te oblije rejte vye konpòtman sa yo anvan yo te rive abiye yo ak nouvo pèsonalite a (Kol. 3:8-10). Bay manti se yon lòt karakteristik ansyen pèsonalite a. Pa egzanp, anpil moun bay manti lè y ap peye enpo oswa pou yo evite pran responsablite peche yo. Sepandan, Jewova se “Bondye verite a”. (Sòm 31:5.) Se sa k fè, antanke moun k ap adore l, li egzije “pou nou chak di pwochen nou laverite” e pou n pa “bay [...] manti”. (Efe. 4:25; Kol. 3:9.) Kidonk, nou dwe di laverite menmsi sa ka fè n wont oswa sa pa nan avantaj nou. — Pwo. 6:16-19. w17.08 18 § 3, 5; 20 § 12-13, 15.
18-24 mas
1 KORENTYEN 1-3
Kantik 127 ak priyè
Pawòl entwodiksyon (3 minit oubyen mwens)
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A
“Èske w kite dezi w mennen w oubyen w kite lespri Bondye gide w?”: (10 min.)
[Pase videyo Kèk bagay nou ka aprann sou liv 1 Korentyen an.]
1Ko 2:14 — Ki lè yon moun “kite dezi l mennen l?” (w18.02 19 § 4-5)
1Ko 2:15, 16 — Ki lè yon moun “kite lespri Bondye gide l”? (w18.02 19 § 6; 22 § 15)
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl: (8 min.)
1Ko 1:20 — Ki jan Bondye fè “sajès monn nan tounen bagay moun sòt”? (it-2-F 854 § 5)
1Ko 2:3-5 — Ki sa nou kapab aprann nan egzanp Pòl la? (w08 15/7 27 § 6)
Ki sa w te aprann sou Jewova nan lekti Labib pou semèn sa a?
Ki lòt trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?
Lekti Labib: (4 minit oubyen mwens) 1Ko 1:1-17 (th leson 10)
BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN
Videyo pou premye nouvèl vizit: (5 min.) Pase videyo a epi mande moun yo fè kòmantè sou li.
Premye nouvèl vizit: (3 minit oubyen mwens) Sèvi ak modèl konvèsasyon an. (th leson 3)
Premye nouvèl vizit: (4 minit oubyen mwens) Kòmanse ak modèl konvèsasyon an, epi prezante moun nan liv Anseye nou an. (th leson 11)
LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
“Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Byen ekri lèt n ap voye yo”: (8 min.) Konvèsasyon.
Kanpay envitasyon Memoryal la ap kòmanse samdi 23 mas: (7 min.) Konvèsasyon. Se siveyan sèvis la ki pou fè l. Bay chak moun ki nan asistans lan yon fich envitasyon Memoryal epi pale sou sa yo di ladan l. Pase videyo yo bay kòm modèl prezantasyon an epi mande moun yo fè kòmantè sou li. Di ki dispozisyon nou pran pou n preche tout tèritwa kongregasyon an.
Etid biblik kongregasyon an: (30 min.) jy chap. 59
Sa n wè semèn sa a ak sa n ap wè lòt semèn (3 min.)
Kantik 51 ak priyè