Madi 6 me
M ap onore moun ki onore m. — 1 Sam. 2:30.
Jewova te fè met bèl aksyon Gran prèt Jewoyada te fè yo nan Bib la pou n ka aprann nan egzanp li (Wom. 15:4). E lè Jewoyada mouri, Jewova te fè l yon gwo onè, li te pèmèt yo antere l “nan Vil David la bò kote wa yo paske li te fè anpil bon bagay ann Izrayèl pou vrè Dye a e pou kay Li a”. (2 Kwo. 24:15, 16.) Istwa Jewoyada a ka ede nou tout vin gen lakrentif pou Bondye. Ansyen yo kapab suiv egzanp Jewoyada lè yo ret vijilan e lè yo toujou pwoteje twoupo Bondye a (Tra. 20:28). Yon bagay moun ki granmoun yo kapab aprann nan egzanp Jewoyada sèke lè yo gen lakrentif pou Jewova e yo ret fidèl, Jewova ka sèvi avèk yo pou l reyalize objektif li. Epitou, jèn yo kapab suiv egzanp Jewova nan fason l te aji avèk Jewoyada. Yo kapab fè sa lè yo byen aji ak frè ak sè ki granmoun ki fidèl yo, lè yo onore yo e yo respekte yo, sitou frè ak sè ki gen lontan depi y ap sèvi Jewova (Pwo. 16:31). Annou tout kontinye kolabore ak “moun k ap dirije nou yo” lè n obeyi yo. — Ebre 13:17. w23.06 17 § 14-15.
Mèkredi 7 me
Pawòl nan bouch moun ki dwat la soulaje anpil moun. — Pwo. 10:21.
Lè w nan reyinyon, sèvi ak bon jijman lè w ap deside konbyen fwa w ap leve men w pou w fè kòmantè. Si n leve men nou twò souvan, nou ka fè frè k ap kondui Toudegad la santi l oblije pran nou plizyè fwa, menm lè lòt moun poko jwenn posiblite pou yo fè kòmantè. Sa ka fè yo pa anvi leve men yo ankò (Ekl. 3:7). Lè gen anpil pwoklamatè ki leve men yo pou yo fè kòmantè, nou ka pa jwenn posiblite pou n fè kòmantè souvan jan n ta renmen an. Pafwa, frè k ap kondui Toudegad la ka pa kapab chwazi n ditou. Sa ka dekouraje n, men, nou pa ta dwe panse se paske frè a gen yon pwoblèm avè n ki fè l pa pran nou (Ekl. 7:9). Si w pa jwenn posiblite pou w fè kòmantè souvan jan w ta renmen an, sa w panse si w ta byen koute lòt moun k ap fè kòmantè epi w felisite yo apre reyinyon an? Frè w ak sè w yo ka twouve felisitasyon w yo ankouraje yo menm jan ak kòmantè w te ka fè. w23.04 23-24 § 14-16.
Jedi 8 me
Kè mwen fèm, o Bondye. — Sòm 57:7.
Etidye Pawòl Bondye a epi medite sou li. Menm jan yon pyebwa ka rete djanm si rasin li byen fon nan tè, se menm jan an tou, nou kapab rete fèm si lafwa nou byen anrasinen nan Pawòl Bondye a. Tank yon pyebwa ap grandi, se tank rasin li ap antre pi fon nan tè e se tank y ap gaye pi lwen. Lè nou etidye e nou medite, lafwa nou vin pi solid e nou vin gen plis konviksyon se fason Bondye aji ki pi bon (Kol. 2:6, 7). Reflechi sou fason enstriksyon, konsèy ak pwoteksyon Jewova te bay sèvitè l yo nan tan lontan te ede yo. Pa egzanp, Ezekyèl t ap suiv ak anpil atansyon jan yon zanj t ap pran san l pou l byen mezire tanp Ezekyèl te wè nan yon vizyon l te fè. Vizyon sa a te bay Ezekyèl fòs, e li ban nou bonjan leson sou fason nou ka soutni prensip Jewova bay anrapò ak vrè adorasyon an (Eze. 40:1-4; 43:10-12). Nou menm tou n ap jwenn byenfè lè n pran tan pou n etidye bagay pwofon ki nan pawòl Bondye a e pou n medite sou yo. Kè n kapab fèm tou lè n met tout konfyans nou nan Jewova. — Sòm 112:7. w23.07 18 § 15-16.