Jedi 8 me
Kè mwen fèm, o Bondye. — Sòm 57:7.
Etidye Pawòl Bondye a epi medite sou li. Menm jan yon pyebwa ka rete djanm si rasin li byen fon nan tè, se menm jan an tou, nou kapab rete fèm si lafwa nou byen anrasinen nan Pawòl Bondye a. Tank yon pyebwa ap grandi, se tank rasin li ap antre pi fon nan tè e se tank y ap gaye pi lwen. Lè nou etidye e nou medite, lafwa nou vin pi solid e nou vin gen plis konviksyon se fason Bondye aji ki pi bon (Kol. 2:6, 7). Reflechi sou fason enstriksyon, konsèy ak pwoteksyon Jewova te bay sèvitè l yo nan tan lontan te ede yo. Pa egzanp, Ezekyèl t ap suiv ak anpil atansyon jan yon zanj t ap pran san l pou l byen mezire tanp Ezekyèl te wè nan yon vizyon l te fè. Vizyon sa a te bay Ezekyèl fòs, e li ban nou bonjan leson sou fason nou ka soutni prensip Jewova bay anrapò ak vrè adorasyon an (Eze. 40:1-4; 43:10-12). Nou menm tou n ap jwenn byenfè lè n pran tan pou n etidye bagay pwofon ki nan pawòl Bondye a e pou n medite sou yo. Kè n kapab fèm tou lè n met tout konfyans nou nan Jewova. — Sòm 112:7. w23.07 18 § 15-16.
Vandredi 9 me
Toujou bat [...] pou w aprann reflechi. — Pwo. 3:21.
Bib la chaje ak bon egzanp pou jèn gason yo imite. Mesye nan tan lontan sa yo te renmen Bondye e yo te pran swen pèp Bondye a divès fason. Ou kapab jwenn bèl egzanp frè ki gen matirite tou nan fanmi w ak nan kongregasyon an (Ebre 13:7). E pi bèl egzanp ou genyen se Jezi Kris (1 Pyè 2:21). Pandan w ap byen egzamine egzanp sa yo, reflechi sou bèl kalite moun sa yo te genyen (Ebre 12:1, 2). Apre sa, chèche wè ki jan w ka imite mesye sa yo. Yon gason ki aprann reflechi, byen egzamine posiblite l genyen anvan l aji. Donk, fè anpil efò pou w vin gen kapasite sa a e pou w kontinye genyen l. Pou kòmanse, aprann prensip ki nan Bib la e reflechi pou w wè jan yo itil. Apre sa, sèvi ak prensip sa yo pou ede w pran desizyon k ap fè Jewova plezi (Sòm 119:9). Sa ap vrèman ede w vin yon kretyen ki gen matirite. — Pwo. 2:11, 12; Ebre 5:14. w23.12 24-25 § 4-5.
Samdi 10 me
Se pou nou toujou pare pou nou defann nou devan nenpòt moun ki mande nou rezon ki fè nou gen esperans nou genyen an. Men, se pou nou fè sa avèk dousè e avèk gwo respè. — 1 Pyè 3:15.
Paran yo bezwen byen aprann pitit yo fason pou yo reponn avèk dousè lè lòt moun vle fè diskisyon avè yo sou kwayans yo (Jak 3:13). Gen paran ki konn fè repetisyon ak pitit yo pandan y ap fè adorasyon an fanmi. Yo egzamine yon seri sijè yo ka diskite ak timoun yo nan lekòl yo. Yo fè demonstrasyon avè yo sou fason pou yo reponn, epi, yo aprann timoun yo fason pou yo pale avèk dousè e avèk jantiyès. Antanke kretyen, lè n fè repetisyon, sa kapab ede n pou n pale avèk konviksyon e pou n konvenk tèt nou nou gen bonjan rezon pou n kwè nan sa n aprann yo. Nan ribrik “Kesyon jèn yo konn poze” ki sou sit jw.org la, gen anpil fich aktivite pou adolesan. Yo la pou ede yo ranfòse kwayans yo e pou prepare yo pou yo reponn nan pwòp mo pa yo. Lè n egzamine seri sa yo ak fanmi nou, nou tout ap kapab aprann fason pou n defann lafwa n avèk dousè e avèk jantiyès. w23.09 17 § 10; 18 § 15-16.