BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Semèn sa a
16-22 jen
Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2025 | me

16-22 JEN

PWOVÈB 18

Kantik 90 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. Pale yon fason pou w ankouraje moun ki gen pwoblèm sante

(10 min.)

Kite sajès Bondye gide w lè w ap pale (Pw 18:4; w22.10 22 § 17)

Eseye konprann sa moun nan ap andire (Pw 18:13; mrt atik 11, kare)

Se pou w yon zanmi ki renmen ede moun e ki gen pasyans (Pw 18:24; wp23.1 14 § 3–15 § 1)

Yon mari ki pran san l pou l koute madanm li k ap di l sa l santi.

MANDE TÈT OU: ‘Ki sa m ka fè pou m ede moun mwen marye avè l la si l ap goumen ak yon maladi fizik oswa mantal?’

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Pw 18:18 — Poukisa yo te konn fè tiraj osò nan tan biblik yo? (it-2 1004)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

(4 min.) Pw 18:​1-17 (th leson 11)

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(1 min.) KAY AN KAY. Moun nan pale yon lòt lang. (lmd leson 2 pwen 5)

5. Pousuiv enterè moun yo

(3 min.) TEMWAYAJ PIBLIK. Moun nan di w li pa gen anpil tan. (lmd leson 7 pwen 4)

6. Pousuiv enterè moun yo

(3 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Aprann moun nan yon verite enpòtan konsènan Wayòm Bondye a. (lmd leson 9 pwen 5)

7. Esplike kwayans ou

(4 min.) Demonstrasyon. ijwfq atik 29 — Tèm: Èske Temwen Jewova yo dakò ak doktrin kreyasyonis lan? (lmd leson 5 pwen 5)

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 144

8. Ede moun nou renmen yo pwoche bò kote Jewova “san pawòl”

(15 min.) Konvèsasyon.

Anpil nan nou konn yon moun ki pap sèvi Jewova pou kounye a, petèt se moun nou marye avè l la, pitit nou, oswa yon bon zanmi ki te kite kongregasyon an. Èske sa konn rive ou santi se kòmsi se fòse w ap fòse moun sa a pou w ka konvenk li vin sèvi Jewova? Byenke nou gen bon entansyon, pawòl nou di ka fè bagay yo vin pi mal (Pw 12:18). Ki pi bon fason nou kapab ede l?

Nan 1 Pyè 3:​1, Bib la montre yon madanm ka “genyen [mari l ki pa kwayan] san pawòl”. Menmsi mari yon sè ta refize pale de verite ki nan Bib la ak madanm li, madanm nan ka toujou ede l aprann konnen Jewova. Piske grasa Bib la, madanm nan te aprann pou l aji avèk lanmou, jantiyès ak sajès, sa ka fè mari a anvi vin aprann konnen Jewova (Pw 16:23). Konduit nou ak bèl pawòl nou di ka gen bon efè sou moun nou renmen yo ki poko ap sèvi Jewova. — w10 15/6 20-21 § 4-6.

Pase VIDEYO Yon seri moun ki rive mennen yon gwo lit pou lafwa yo — Moun konjwen yo pa Temwen. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa yo:

    Yon sèn nan videyo “Yon seri moun ki rive mennen yon gwo lit pou lafwa yo — Moun konjwen yo pa Temwen”. Sè Hideko Sasaki.
  • Ki sa w aprann nan eksperyans sè Sasaki a?

  • Yon sèn nan videyo “Yon seri moun ki rive mennen yon gwo lit pou lafwa yo — Moun konjwen yo pa Temwen”. Sè Noriko Ito.
  • Ki sa w aprann nan eksperyans sè Ito a?

  • Yon sèn nan videyo “Yon seri moun ki rive mennen yon gwo lit pou lafwa yo — Moun konjwen yo pa Temwen”. Sè Tomoe Okada.
  • Ki sa w aprann nan eksperyans sè Okada a?

9. Etid biblik kongregasyon an

(30 min.) bt chap. 27 § 23-26, kare p. 214, 217

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 60 ak priyè

Lis atik yo
Toudegad etid — 2025 | avril

Atik etid no 15: Semèn 16-22 jen 2025

 8 “Pwoche bò kote Bondye bon” pou nou!

Lòt bagay ou ka li

Lòt atik ki gen nan Toudegad sa a

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje