Mak
14 Nan de jou, se t apral fèt Pak la ak fèt Pen san ledven an. Prèt an chèf yo ak espè nan Lalwa yo t ap chèche yon plan pou yo met men sou li e pou yo touye l. 2 Paske, yo te toujou ap di: “Nou pa ka fè sa pandan fèt la, paske pèp la ka fè eskandal.”
3 E pandan l te Betani, lakay Simon ki te gen lèp la, li te chita sou tab pou l manje. Epi, gen yon dam ki vini ak yon boutèy ann albat ki gen yon luil santi bon ki koute chè anpil, yon vrè na*. Li ouvè boutèy la, epi li kòmanse vide luil la sou tèt Jezi. 4 Lè sa a, gen kèk moun ki te montre yo pa t kontan menm. Yo t ap di antre yo: “Poukisa y ap gaspiye luil santi bon an? 5 Paske, yo te ka vann luil santi bon sa a pou plis pase 300 denye* e yo ta bay pòv kòb la!” Se pa ti fache yo te fache sou dam nan. 6 Men, Jezi di: “Kite dam nan trankil. Poukisa NOU vle ba l pwoblèm? Se yon bon aksyon li fè an favè m. 7 Paske, N ap toujou gen pòv yo avèk NOU, e nenpòt lè NOU vle, N ap toujou ka fè byen pou yo. Men mwen menm, NOU pap toujou genyen m avèk NOU. 8 Li fè sa l kapab. Depi davans, li pase luil santi bon sou kò m pou l prepare m pou antèman m. 9 Anverite m ap di NOU sa: Tout kote y ap preche bon nouvèl la sou tè a, y ap pale de sa dam sa a fè a tou, e sa ap fè yo toujou sonje l.”
10 Epi, Jida Iskaryòt, youn nan douz apot yo, al kot prèt an chèf yo pou l livre Jezi ba yo. 11 Lè yo tande sa, yo kontan e yo pwomèt li pou yo ba l kòb*. Se sa k fè, li te kòmanse ap chèche yon fason pou l livre l ba yo nan yon bon moman.
12 Premye jou fèt Pen san ledven an, jou yo te konn touye bèt y ap bay kòm sakrifis pou fèt Pak la, disip li yo di l: “Ki kote w vle n al prepare pou ou pou w manje manje Pak la?” 13 Lè sa a, li voye de nan disip li yo, li di yo: “Ale nan vil la, N ap rankontre ak yon mesye k ap pote yon krich dlo. Suiv li, 14 e kote l antre a, di mèt kay la: ‘Anseyan an di: “Kote pyès pou m manje manje Pak la avèk disip mwen yo ye la a?”’ 15 Epi, l ap montre NOU yon gwo pyès aletaj ki tou pare. Se la pou NOU fè preparasyon an pou nou.” 16 Vrèmanvre, disip yo ale, yo antre nan vil la, e yo jwenn tout bagay jan l te di yo a. Epi, yo fè preparasyon pou Pak la.
17 Lè l fin aswè, li vini ak douz apot yo. 18 Pandan yo chita bò tab la y ap manje, Jezi di: “Anverite m ap di NOU sa: Gen youn nan NOU k ap manje avèk mwen la a ki pral livre m.” 19 Lè yo tande sa, yo vin tris, epi youn apre lòt, yo di l: “Se pa mwen, pa vre?” 20 Li di yo: “Se youn nan NOU douz la k ap mete men l nan bòl la avè m k ap livre m. 21 Se vre, Pitit lòm nan pral kite NOU, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun sa a ki livre Pitit lòm nan! Li t ap pi bon pou moun sa a si l pa t fèt.”
22 Pandan yo kontinye ap manje, li pran yon pen, li fè yon priyè, li kase l ba yo, e li di yo: “Men! Sa a reprezante kò m.” 23 Epi, li pran yon koup, li di Bondye mèsi, li ba yo l e yo tout bwè ladan l. 24 Epi li di yo: “Sa a reprezante san m, ‘san alyans lan’, ki gen pou koule pou anpil moun. 25 Anverite m ap di NOU sa: Mwen pap bwè diven menm ankò, jis jou m ap bwè youn ki fèk fèt, nan wayòm Bondye a.” 26 Lè yo fin chante pou yo louwe Bondye, yo soti al sou mòn Oliv.
27 Epi Jezi di yo: “NOU tout NOU pral kite m, paske men sa ki ekri: ‘M ap frape bèje a, epi mouton yo ap gaye.’ 28 Men, lè m fin leve sot nan lanmò, mwen pral tann NOU Galile.” 29 Men, Pyè di li: “Menmsi tout lòt yo kite w, mwen menm, mwen pap kite w.” 30 Lè sa a, Jezi di l: “Anverite m ap di w sa: Jodi a, wi, aswè a menm, anvan yon kòk chante de fwa, w ap gentan nye m twa fwa.” 31 Men, li kontinye di pi rèd: “Menmsi mwen ta gen pou m mouri avè w, pa gen anyen k ap fè m nye w.” Tout lòt disip yo tou tonbe di menm bagay la.
32 Apre sa, yo rive yon kote ki rele Jetsemane. Li di disip li yo: “Chita la pandan mwen menm mwen pral priye.” 33 Li pran Pyè, Jak ak Jan ansanm avè l, epi li vin gen yon sèl kè kase e li vin boulvèse anpil. 34 Li di yo: “Mwen* nan gwo lapenn, mwen santi se mouri m ap mouri. Rete la, epi kontinye veye.” 35 Li ale yon tikras pi lwen, li met ajenou, li bese fas li jis atè e li kòmanse priye pou l mande pou moman sa a te ka pase lwen l, si sa te posib. 36 Apre sa, li di: “Abba*, Papa, tout bagay posib pou ou. Retire koup sa a devan m. Men, se pa jan mwen vle, men se jan ou vle.” 37 Apre sa, li tounen, li jwenn y ap dòmi. Epi li di Pyè: “Simon, apa w ap dòmi? Ou pa gen fòs pou w kontinye veye pandan yon ti moman? 38 Mesye, kontinye veye e kontinye priye, yon fason pou NOU pa tonbe anba tantasyon. Se vre, lespri a byen dispoze, men chè a fèb.” 39 Epi l ale ankò, l al priye, li di menm bagay la. 40 Lè l tounen ankò, li jwenn y ap dòmi, paske je yo te lou. Se sa k fè yo pa t konn sa pou yo reponn li. 41 Li tounen yon twazyèm fwa, li di yo: “Nan yon moman konsa se dòmi N ap dòmi, se repoze N ap repoze NOU! Sispann dòmi! Lè a rive! Gade! Men y ap livre Pitit lòm nan nan men pechè yo. 42 Leve, ann ale. Moun k ap livre m nan toupre.”
43 Menm kote a, li potko menm fin pale, Jida, youn nan douz apot yo, parèt avèk yon foul moun ki te gen epe ak baton nan men yo, e se prèt an chèf yo, espè nan Lalwa yo ak ansyen yo ki te voye yo. 44 Twouve, moun ki t ap livre l la te ba yo yon siy, li te di: “Moun mwen bo a, se li menm. Arete l, eskòte l mennen l ale.” 45 Epi li mache dwat sou Jezi, li pwoche kote l, li di: “Anseyan*!”, epi li bo l. 46 Konsa, yo met men sou li, yo arete l. 47 Men, gen youn nan moun ki te la yo ki rale epe l, li bay esklav gran prèt la yon kout epe, li koupe zòrèy li. 48 Men lè sa a, Jezi di yo: “Apa NOU vin ak epe ak baton pou NOU arete m tankou se yon vòlè m ye! 49 Chak jou mwen te avèk NOU nan tanp lan ap anseye, epoutan NOU pa t arete m. Men, sa fèt konsa pou Ekriti yo ka akonpli.”
50 E tout disip yo abandone l, yo kouri y ale. 51 Men, gen yon jennonm ki te gen yon rad len bon kalite sou li ki t ap suiv li. Epi, yo te eseye met men sou li, 52 men li kite rad li nan men yo, li kouri kò touni.
53 Kounye a, yo mennen Jezi kot gran prèt la. Se la tout prèt an chèf yo ak ansyen yo ansanm ak espè nan Lalwa yo te reyini. 54 Men, Pyè te suiv li rive jis nan lakou gran prèt la, men li te nan yon bèl distans. L al chita ak sèvitè yo, e li t ap chofe kò l bò yon boukan dife. 55 Pandan tan sa a, prèt an chèf yo ak tout Sanedren an t ap chèche jwenn temwayaj kont Jezi pou yo ka touye l, men yo pa t jwenn anyen. 56 Anfèt, gen anpil moun ki te bay fo temwayaj sou li, men temwayaj yo te bay yo te depaman. 57 Gen kèk moun ankò ki kanpe e ki bay fo temwayaj sou li, yo di: 58 “Nou te tande l k ap di: ‘M ap kraze tanp sa a lèzòm fè ak men yo a, e nan twa jou m ap bati yon lòt, men se pa lèzòm k ap fè l ak men yo.’” 59 Menm sou pwen sa a, temwayaj yo te bay yo te depaman.
60 Finalman, gran prèt la kanpe nan mitan yo, li poze Jezi kesyon, li di: “Apa w pa reponn anyen? Ou pa tande sa y ap di sou ou?” 61 Men, li ret an silans, li pa reponn yon mo. Gran prèt la poze l kesyon ankò, li di l: “Èske w se Kris la, Pitit Sila a ki beni an?” 62 Lè sa a, Jezi di: “Wi. NOU menm, NOU pral wè Pitit lòm nan ki chita adwat Sila a ki gen pisans lan e l ap vini avèk nyaj yo nan syèl la.” 63 Lè gran prèt la tande sa, li chire rad sou li, epi li di: “Èske nou bezwen temwen ankò? 64 NOU tande blasfèm nan. Ki desizyon NOU?” Yo tout kondane l, yo di li merite mouri. 65 Gen kèk ladan yo ki krache sou li, yo kouvri figi l, yo ba l kout pwen, epi yo di l: “Si w se yon pwofèt, di nou kiyès ki frape w!” Apre sa, gad nan tribinal yo souflete l, epi yo pran l yo ale avè l.
66 Kounye a, pandan Pyè te anba a nan lakou a, youn nan sèvant gran prèt la parèt. 67 Lè l wè Pyè k ap chofe dife, li gade l fiks, epi li di: “Ou menm tou, ou te avèk Jezi, moun Nazarèt la.” 68 Men, li nye sa, li di: “Mwen pa konnen l, ni m pa konprann sa w ap di a.” Epi, li soti deyò, l al toupre pyès devan an ki bò pòtay la. 69 Pandan l la, sèvant lan wè l, li rekòmanse di moun ki te kanpe la yo: “Li se youn nan yo.” 70 Pyè nye sa ankò. E apre yon ti tan, moun ki te kanpe la yo di l yon lòt fwa: “Se sèten, ou se youn nan yo. Dayè, ou se moun Galile.” 71 Men, li kòmanse sèmante, li mande pou madichon tonbe sou li si sa l di a pa laverite, li di: “Mwen pa konn mesye sa a N ap pale a.” 72 Menm kote a, yon kòk chante yon dezyèm fwa, e Pyè sonje pawòl Jezi te di l la: “Anvan yon kòk chante de fwa, w ap nye m twa fwa.” Epi li tonbe kriye.