Dimanch 15 jen
Mwen rele Jewova, epi li reponn mwen. — Jon. 2:2.
Lè Jonas te anndan vant pwason an, li te gen konfyans Jewova t ap koute priyè l te fè avèk imilite ki te montre li regrèt sa l te fè a e Jewova t ap ede l. Apre sa, Jewova te sove Jonas, e Jonas te pare pou l fè travay Jewova te voye l fè a (Jon. 2:10–3:4). Pandan w ap fè fas ak yon eprèv, èske w konn santi w twò enkyè pou w priye Jewova? Oswa èske w konn santi w twò fatige pou w etidye? Sonje Jewova byen konprann sitiyasyon w. Donk, menm lè w fè yon priyè tou senp, ou mèt gen asirans l ap ba w egzakteman sa w bezwen (Efe. 3:20). Si w malad, ou fatige oswa w gen anpil tètchaje, e sa fè l difisil pou w li e pou w etidye, eseye fè efò pou w koute anrejistreman odyo Bib la oswa piblikasyon ki baze sou Bib la. Epitou, ou ka koute youn nan chante nou yo oswa gade yon videyo sou jw.org. Lè w priye Jewova e lè w chèche jwenn repons priyè w nan Bib la ak nan tout lòt bagay Li bay yo, se mande ou mande l pou l fè w vin djanm. w23.10 13 § 6; 14 § 9.
Lendi 16 jen
Selon sa lespri sen fè nou wè, chemen ki mennen nan Kote ki pi sen an pa t parèt aklè pandan premye tant lan te anplas. — Ebre 9:8.
Anndan tabènak la ak anndan tanp yo te vin konstwi annapre nan Jerizalèm yo te sanble anpil. Anndan yo te gen de pati ki te gen yon rido bwode ki te separe yo, anpalan de “Kote ki sen an” ak “Kote ki pi sen an”. (Ebre 9:2-5; Egz. 26:31-33.) Anndan Kote ki sen an te gen yon pòtlanp annò, yon lotèl pou yo boule lansan ak yon tab yo te konn met pen yo te konn prezante yo. Se sèlman “prèt Bondye te chwazi” yo ki te gen dwa antre Kote ki sen an pou yo te fè sèvis yo antanke prèt (Nonb 3:3, 7, 10). Anndan Kote ki pi sen an te gen lach alyans lan ki te fèt annò e ki te reprezante prezans Jewova (Egz. 25:21, 22). Se te sèlman gran prèt la ki te gen dwa pase dèyè rido a pou l antre Kote ki pi sen an yon fwa chak ane nan jou Pirifikasyon an (Lev. 16:2, 17). Li te antre ak san bèt pou l te ka jwenn padon pou peche pa l e pou peche tout pèp la. Rive yon lè, Jewova te fè konprann byen klè ki sa bagay sa yo ki te anndan tabènak la reprezante toutbon. — Ebre 9:6, 7. w23.10 27 § 12.
Madi 17 jen
[Se pou] youn […] renmen lòt. — Jan 15:17.
Nan Pawòl Bondye a, nou jwenn kòmandman ki di pou “youn renmen lòt” la plizyè fwa (Jan 15:12; Wom. 13:8; 1 Tes. 4:9; 1 Pyè 1:22; 1 Jan 4:11). Sepandan, lanmou se yon kalite ki soti nan kè nou, oswa moun nou ye pa anndan an, e pa gen moun ki ka wè sa k nan kè nou. Donk, ki jan nou ka montre nou gen lanmou youn pou lòt? Pawòl nou di ak fason nou aji ap montre sa. Gen plizyè fason nou ka montre frè n ak sè n yo nou renmen yo. Men kèk egzanp: “Se pou youn di lòt laverite.” (Zak. 8:16). “Se pou nou kontinye gen lapè nan mitan nou.” (Mak 9:50). “Pran devan nan onore youn lòt.” (Wom. 12:10). “Se pou youn akeyi lòt.” (Wom. 15:7). “Se pou youn kontinye padone lòt.” (Kol. 3:13). “Se pou youn kontinye pote fado lòt.” (Gal. 6:2). Se pou youn “kontinye konsole [...] lòt”. (1 Tes. 4:18.) “Se pou youn kontinye fòtifye lòt.” (1 Tes. 5:11). “Se pou nou priye youn pou lòt.” — Jak 5:16. w23.11 9 § 7-8.