Lik
23 Lè sa a, tout moun nèt leve, yo mennen l bay Pilat. 2 Epi, yo pran akize l, yo di: “Nou jwenn mesye sa a k ap boulvèse nasyon nou an e k ap defann moun yo peye Seza enpo, epi l ap di li se Kris, li se yon wa.” 3 Lè sa a, Pilat mande l: “Èske w se Wa Juif yo?” Li reponn li: “Se ou menm ki di l.” 4 Apre sa, Pilat di prèt an chèf yo ak foul la: “Mwen pa jwenn anyen mal nan mesye sa a.” 5 Men, yo ensiste, yo di: “Li monte tèt pèp la ak ansèyman l simaye nan tout Jide, kòmanse Galile pou rive isit la.” 6 Lè Pilat tande sa, li mande si l se moun Galile, 7 e lè l fin asire l se nan zòn ki sou kontwòl Ewòd la li soti, li voye l bay Ewòd ki te Jerizalèm tou nan moman sa a.
8 Lè Ewòd wè Jezi, li kontan anpil, paske sa fè lontan li te anvi rankontre l akoz sa l te tande sou li, e li te espere wè l fè kèk mirak devan l. 9 Kounye a, li kòmanse poze Jezi anpil kesyon. Men, Jezi pa reponn li. 10 Sepandan, prèt an chèf yo ak espè nan Lalwa yo pa t sispann leve kanpe pou yo akize l avèk fòs. 11 Lè sa a, Ewòd ansanm ak gad li yo pran rabese l. Ewòd abiye l ak yon bèl rad pou l pase l nan jwèt, epi li voye l tounen bay Pilat. 12 Depi jou sa a, Ewòd ak Pilat vin zanmi. Anvan sa, yo te ènmi.
13 Apre sa, Pilat reyini prèt an chèf yo, chèf yo ak pèp la, 14 li di yo: “NOU mennen mesye sa a ban mwen kòm yon moun k ap pouse pèp la revòlte. Poutan, mwen poze l kesyon devan NOU, men, mwen pa jwenn anyen ki pwouve akizasyon NOU lage sou do l yo. 15 An reyalite, Ewòd pa jwenn anyen nonplis, paske li voye l tounen ban nou. Tande! misye pa fè anyen ki merite lanmò. 16 Konsa, m ap pini l epi m ap lage l.” 17* —— 18 Men, foul la pran rele, yo di: “Elimine misye! Lage Barabas pou nou pito!” 19 (Yo te mete nonm sa a nan prizon poutèt yon soulèvman ki te fèt nan vil la e poutèt li te touye moun.) 20 Pilat pale avèk yo yon lòt fwa, paske li te vle lage Jezi. 21 Lè sa a, yo pran rele, yo di: “Kloure l sou yon poto! Kloure l sou yon poto!” 22 Pilat pale avèk yo yon twazyèm fwa, li di yo: “Poukisa? Ki mal misye fè? Mwen pa wè l fè anyen ki merite lanmò. Konsa, m ap pini l epi m ap lage l.” 23 Lè yo tande sa, yo pèsiste plis toujou, yo rele byen fò, yo mande pou yo kloure l sou yon poto. Yo tèlman rele, Pilat ba yo legen. 24 Se sa k fè, Pilat pran desizyon pou l ba yo sa yo mande a: 25 li lage mesye yo te met nan prizon pou soulèvman ak krim nan, mesye yo t ap mande lage a, epi li remèt yo Jezi pou yo fè sa yo vle avè l.
26 Twouve, pandan yo pral avè l, yo met men sou Simon, yon moun Sirèn, ki t ap sot andeyò. Yo mete poto a sou zepòl li pou l pote l dèyè Jezi. 27 Te gen yon gwo foul moun pami pèp la ki t ap suiv li tou ansanm ak yon bann medam ki t ap frape lestomak yo tèlman yo te nan lapenn, e ki t ap rele pou li. 28 Jezi vire gad medam yo, li di: “Pitit fi Jerizalèm, sispann kriye pou mwen. Okontrè, kriye pou tèt NOU ak pou pitit NOU yo. 29 Paske, gade! gen jou k ap rive kote moun pral di: ‘Byennere fi ki pa ka fè pitit yo, fi ki pa t fè pitit yo ansanm ak sa yo ki pa t bay pitit tete yo!’ 30 Lè sa a, y ap di gwo mòn yo: ‘Tonbe sou nou!’ e y ap di ti mòn yo: ‘Kouvri nou!’ 31 Si yo fè bagay sa yo lè pyebwa a vèt, sa k ap pase lè l vin sèch?”
32 Yo te mennen de lòt mesye tou, de bandi, pou yo touye ansanm avè l. 33 Lè yo rive kote yo rele Zo Tèt la, yo mete l sou yon poto e yo mete bandi yo sou poto tou, youn adwat li e lòt la agoch li. 34 [Jezi di: “Papa, padone yo, paske yo pa konn sa y ap fè a.”]* Epitou, yo fè tiraj osò pou yo te ka separe rad ki te sou li yo. 35 Moun yo te ret kanpe ap gade. Men, chèf yo t ap pase l nan rizib, yo t ap di: “Li sove lòt moun, se pou l sove tèt li si l se Kris la, Sila a Bondye chwazi a.” 36 Menm sòlda yo te pran plezi sou li, yo te vin toupre l e yo te ofri l vinèg, 37 yo di l: “Si w se wa Juif yo, se pou w sove tèt ou.” 38 Epitou, anlè poto a, te gen yon pankat ki te ekri: “Men Wa Juif yo.”
39 Men, youn nan bandi ki te sou poto yo kòmanse manke l dega, li di l: “Se pa ou ki Kris la? Ebyen sove tèt ou, epi sove nou tou.” 40 Lòt bandi a kouri dèyè l, li di l: “Ou pa krenn Bondye ditou ou menm, alòske w anba menm kondanasyon an? 41 Pou nou menm se jistis, paske nou resevwa egzakteman sa nou merite pou sa nou fè, men mesye sa a pa fè anyen ki mal.” 42 Apre sa, li di: “Jezi, sonje m lè w vin wa*.” 43 Epi Jezi di l: “Anverite m ap di w sa jodi a: W ap avèk mwen nan Paradi a.”
44 Se te anviwon sizyèm èdtan* nan jounen an, epoutan gen yon fènwa ki te blayi sou tout tè a rive jis nevyèm èdtan* an, 45 paske limyè solèy la te disparèt. Apre sa, rido tanp lan fann nan mitan. 46 Epi, Jezi rele byen fò, li di: “Papa, mwen remèt lespri m nan men w.” Lè l fin di sa, li rann dènye souf li. 47 Lè ofisye a wè sa k sot pase a, li kòmanse bay Bondye glwa, li di: “Vrèmanvre, mesye sa a se te yon moun ki jis.” 48 E lè tout foul moun ki te rasanble pou yo wè espektak sa a wè bagay ki te rive yo, yo kòmanse retounen lakay yo, e yo t ap frape lestomak yo. 49 Epitou, tout moun ki te konnen l, san wete medam ki te suiv li soti Galile yo, te ret kanpe a distans ap gade bagay sa yo.
50 Twouve, gen yon manm Konsèy la ki te rele Jozèf. Misye se te yon bon moun e li te konn fè sa ki dwat. 51 Li te moun Arimate, yon vil ki pou moun Jide yo, e li t ap tann wayòm Bondye a. Mesye sa a pa t vote pou l soutni pwojè yo a ak aksyon yo te vle fè a. 52 Misye t al kot Pilat, li t al mande l kò Jezi. 53 Epi, li desann kò a, li vlope l nan yon twal len bon kalite, e li mete l nan yon kavo yo te fouye nan yon wòch. Yo potko met pèsonn nan kavo sa a. 54 Lè sa a, se te jou Preparasyon an, e saba a t ap pwoche*. 55 Men, medam ki te soti Galile ansanm avèk Jezi yo te ale tou, yo wè kavo a e yo wè kòman yo depoze kò li. 56 Epi, yo tounen pou y al prepare fèy santi bon ansanm ak luil santi bon. Men, natirèlman yo repoze pandan saba a selon kòmandman an.