Women
14 Se pou NOU akeyi moun lafwa l fèb la, men NOU pap fè sa pou NOU jije opinyon l. 2 Gen moun lafwa l pèmèt li manje tout bagay, men moun lafwa l fèb la se legim li manje. 3 Se pou moun ki manje tout bagay la pa meprize moun ki pa manje tout bagay la, e se pou moun ki pa manje tout bagay la pa jije moun ki manje tout bagay la, paske Bondye aksepte moun sa a. 4 Kiyès ou ye pou w ap jije moun k ap travay lakay yon lòt moun? Se mèt li ki pou deside si pou l ret kanpe oswa si pou l tonbe. Wi, l ap ret kanpe, paske Jewova ka fè l ret kanpe.
5 Gen moun ki konsidere yon jou pi enpòtan pase yon lòt jou, gen lòt moun ki konsidere tout jou se menm. Se pou chak moun ret ak konviksyon pa yo. 6 Moun ki obsève jou a, li obsève l pou Jewova. Moun ki manje a, li manje pou Jewova, paske li di Bondye mèsi, e moun ki pa manje a, li pa manje pou Jewova, epoutan li di Bondye mèsi. 7 Anfèt, pa gen youn nan nou k ap viv pou tèt li sèlman, e pèsonn pa mouri pou tèt li sèlman. 8 Paske, si n ap viv, n ap viv pou Jewova, e si nou mouri, nou mouri pou Jewova. Se sa k fè, kit n ap viv, kit nou mouri, se byen Jewova nou ye. 9 Paske, men pou ki sa Kris te mouri e li vin gen lavi ankò: pou l ka vin Seyè ni moun ki mouri ni moun ki vivan.
10 Men, poukisa w ap jije frè w? Oswa poukisa w ap meprize frè w? Anfèt, nou tout nou gen pou n parèt devan tribinal Bondye a. 11 Paske, men sa ki ekri: “‘Menm jan pa gen dout mwen vivan’, se sa Jewova di, ‘se konsa tou tout jenou ap pliye devan m e tout moun ap rekonèt aklè se mwen ki Bondye.’” 12 Kidonk, nou chak pral rann Bondye kont pou tèt nou.
13 Se sa k fè, annou sispann jije youn lòt, men pito, se pou NOU pran desizyon pou NOU pa met yon obstak devan yon frè ki ka fè l bite oswa yon bagay ki ka lakòz li fè yon fo pa. 14 Mwen konnen e mwen gen konviksyon nan Seyè Jezi, pa gen anyen ki fèt tou kontamine. Se sèlman lè yon moun konsidere yon bagay kontamine, li kontamine pou li. 15 Paske, si w fè frè w lapenn poutèt yon manje, ou pap mache nan lanmou ankò. Pa kite manje w ap manje a lakòz moun sa a pèdi, li menm Kris te mouri pou li a. 16 Se sa k fè, pa kite byen NOU fè a fè yo pale NOU mal. 17 Paske, wayòm Bondye a se pa yon kesyon manje ak bwè, men li gen rapò ak sa ki jis, ak lapè ak lajwa, grasa lespri sen. 18 Anfèt, nan sans sa a, moun k ap sèvi Kris kòm esklav la fè Bondye plezi, e lèzòm respekte l.
19 Kidonk, annou kontinye chèche bagay k ap fè nou viv anpè ak bagay k ap fòtifye youn lòt. 20 Sispann kraze travay Bondye pou yon senp kesyon manje. Se vre, tout bagay pwòp, men se yon move bagay lè yon moun ap manje e sa lakòz moun bite. 21 Li bon pou w pa manje vyann, pou w pa bwè diven oubyen pou w pa fè anyen ki kapab fè frè w bite. 22 Lafwa w genyen an, kenbe l pou tèt ou devan Bondye. Byennere moun ki pa kondane tèt li ak sa li twouve ki bon an. 23 Men, si l gen dout epi li manje, li deja kondane, paske li pa manje ak lafwa. Wi, tout sa ki pa fèt ak lafwa se peche.