Galat
5 Se pou n te ka jwenn yon libète konsa Kris te libere nou. Se poutèt sa, kenbe fèm, e pa kite yo mete NOU anba jouk esklavaj ankò.
2 Gade! Mwen menm Pòl, m ap di NOU sa: si NOU fè yo sikonsi NOU, Kris pap gen okenn itilite pou NOU. 3 Epitou, m ap repete sa pou tout moun ki fè yo sikonsi yo, m ap fè yo konnen yo nan obligasyon pou yo fè tout sa Lalwa mande. 4 NOU separe ak Kris, NOU menm k ap chèche pou yo deklare NOU jis grasa lalwa. NOU pa nan favè san parèy li a ankò. 5 Nou menm bò kote pa nou, se avèk enpasyans n ap tann jistis nou espere grasa lespri a, paske nou gen lafwa. 6 Paske, pou moun ki ann inyon ak Kris Jezi, sikonsi pa sikonsi, sa pa gen okenn valè, men, sa ki gen valè, se lafwa k ap travay ansanm ak lanmou.
7 NOU t ap kouri nan kous la trè byen. Kiyès ki anpeche NOU kontinye obeyi verite a? 8 Se pa Sila a ki te rele NOU an ki eseye konvenk NOU pou NOU pa fè sa. 9 Yon tikras ledven fè tout pat la leve. 10 Mwen gen asirans, NOU menm ki ann inyon ak Seyè a, NOU pap panse yon lòt jan. Men, moun k ap ban NOU pwoblèm nan, kèlkeswa moun li ye a, l ap jwenn kondanasyon li merite a. 11 Kanta pou mwen menm, frè m yo, si m toujou ap preche an favè sikonsizyon, poukisa m ap jwenn pèsekisyon toujou? Nan ka sa a, poto soufrans lan pa t ap yon obstak ankò. 12 Poukisa mesye sa yo k ap eseye boulvèse NOU yo pa tou fè chatre yo?
13 Frè m yo, yo te rele NOU pou NOU ka gen libète. Sèlman, pa sèvi ak libète sa a kòm yon ankourajman pou NOU satisfè dezi lachè, men se pou NOU youn sèvi lòt avèk amou. 14 Paske, tout Lalwa jwenn akonplisman l nan yon sèl kòmandman: “Ou dwe renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou.” 15 Men, si youn kontinye ap mòde lòt, e si youn kontinye ap devore lòt, fè atansyon pou youn pa elimine lòt.
16 Sepandan, men sa m di: Kontinye viv selon lespri a, e NOU pap akonpli okenn dezi lachè. 17 Paske, lachè, nan dezi li genyen, kont lespri, e lespri kont lachè. Bagay sa yo opoze youn ak lòt, e konsa, menm sa NOU ta vle fè, NOU pa fè yo. 18 Anplis de sa, si se lespri a k ap gide NOU, NOU pa anba lalwa.
19 Zèv lachè yo parèt aklè: se fònikasyon*, konduit ki pa pwòp, konduit deregle, 20 idolatri, pratik ki gen rapò ak movèzespri, rayisman, fè kont, jalouzi, kòlè san kontwòl, chirepit, divizyon, fè klan, 21 anvi, bwè pou sou, banbòch ak lòt bagay menm jan an. Kanta pou bagay sa yo, m ap avèti NOU, jan m te deja avèti NOU an, moun k ap pratike bagay sa yo pap benefisye* wayòm Bondye a.
22 Men, fwi lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, bonte, byenveyans, lafwa, 23 dousè, metriz. Pa gen lwa ki kont bagay sa yo. 24 Anplis de sa, moun ki pou Kris Jezi yo kloure lachè ansanm ak pasyon l yo ak dezi l yo sou poto a.
25 Si n ap viv selon lespri a, annou kontinye mache nan lòd tou selon lespri a. 26 Pinga nou chèche pase pou pi bon, pou nou nan konpetisyon youn ak lòt, e pou youn ap rayi sò lòt.