Ebre
6 Kidonk, piske kounye a nou kite doktrin de baz nou te aprann sou Kris yo dèyè, ann fè efò pou nou vin gen matirite, san nou pa retounen poze baz ankò, tankou: repantans pou zèv ki san valè ak lafwa nan Bondye, 2 ansèyman sou batèm ak poze men sou moun, rezirèksyon mò ak jijman etènèl. 3 E se sa n ap fè, si Bondye pèmèt sa.
4 Paske, moun ki te deja fin jwenn limyè, ki te goute kado ki sot nan syèl la, ki te vin resevwa lespri sen 5 e ki te goute bèl pawòl Bondye a ak bagay pisan ki gen rapò ak sistèm k ap vini an, 6 men ki vin tonbe, li enposib pou yo fè yo retounen repanti. Paske, moun sa yo, yo menm, yo kloure Pitit Bondye a sou poto a ankò, e yo ekspoze l kòm yon wont piblik. 7 Paske, tè ki bwè dlo lapli ki tonbe sou li souvan an e ki fè plant pouse pou moun ki travay li a, tè sa a ap resevwa yon benediksyon nan men Bondye. 8 Men, si tè sa a se pikan ak chadwon l bay, y ap abandone l, yo sanlè modi l, e alafen y ap boule l.
9 Men, frè byenneme m yo, menmsi se konsa n ap pale, nou sèten, nan ka pa NOU, gen pi bon bagay k ap tann NOU, bagay k ap mennen nan delivrans. 10 Paske, Bondye pa enjis pou l ta bliye travay NOU fè ak lanmou NOU demontre pou non l, dèske NOU te ede* moun ki sen yo e NOU kontinye ap ede yo. 11 Men, nou ta renmen pou NOU chak demontre menm devouman an, yon fason pou NOU ka gen yon asirans total nan esperans lan jiska lafen. 12 Konsa, NOU pap vin parese, men N ap imite moun ki eritye pwomès yo grasa lafwa ak pasyans yo te genyen.
13 Paske, lè Bondye te fè Abraram pwomès la, li te sèmante sou tèt pa l, piske pa gen pèsonn ki pi gran pase l pou l ta sèmante devan l, 14 lè l te di: “Mwen pap manke pa beni w, e mwen pap manke pa ba w anpil pitit pitit.” 15 E konsa, se apre Abraram te fin demontre li gen pasyans, li te jwenn pwomès sa a. 16 Paske, moun fè sèman devan yon moun ki pi gran pase yo, e sèman yo fè a met fen nan tout diskisyon, piske li se yon garanti legal pou yo. 17 Se konsa, lè Bondye te deside bay moun ki t apral benefisye* pwomès la plis prèv toujou konsènan desizyon l ki pa ka chanje, li te fè yon sèman, 18 dekwa pou, grasa de bagay ki pa ka chanje, bagay li enposib pou Bondye bay manti ladan yo, nou menm ki kouri al nan refij la, nou ka resevwa yon gwo ankourajman pou nou kenbe esperans yo met devan nou an fèm. 19 Esperans sa a nou genyen an tankou yon lank batiman pou nanm nou, li sèten e anmenmtan li solid, e li travèse rido a, 20 kote Jezi antre an premye pou l ouvri chemen an pou nou, li menm ki vin gran prèt pou toutan, menm jan ak Mèlkisedèk.