2 Jan
1 Mwen menm, ansyen an, m ap ekri dam Bondye chwazi a ansanm ak pitit li yo, yo menm mwen renmen toutbon, e se pa mwen menm sèlman ki renmen yo, men se tout moun ki vin konnen laverite ki renmen yo tou, 2 paske verite a nan kè nou, e l ap avèk nou pou toutan. 3 N ap gen favè san parèy, mizèrikòd ak lapè ki soti nan Bondye, Papa a, ak nan Jezi Kris, Pitit Papa a, e n ap gen laverite ak lanmou.
4 Mwen kontan anpil paske mwen aprann gen kèk nan pitit ou yo k ap mache nan laverite, jan nou te resevwa kòmandman nan men Papa a. 5 Donk, kounye a, dam Bondye chwazi a, m ap ekri w pou m mande w pou nou youn renmen lòt. (Se pa yon nouvo kòmandman, men se yon kòmandman nou genyen depi okòmansman.) 6 E men sa lanmou vle di: se pou nou kontinye mache selon kòmandman l yo. Men kòmandman an, jan NOU te tande l depi okòmansman an: se pou NOU kontinye mache nan lanmou. 7 Paske, gen anpil blofè ki lage nan monn nan, yon seri moun ki pa rekonèt Jezi Kris kòm sila a ki te vini nan lachè a. Se yo menm ki blofè a e ki antikris* la.
8 Fè atansyon pou NOU pa pèdi bagay nou travay pou nou fè yo, men okontrè, pou NOU ka jwenn yon rekonpans total. 9 Tout moun ki pran devan e ki pa rete nan ansèyman Kris la pa ann inyon avèk Bondye. Yon moun ki rete nan ansèyman sa a, se li ki ann inyon ni ak Papa a, ni ak Pitit la. 10 Si yon moun vin kote NOU e li pa pote ansèyman sa a, pa janm resevwa l lakay NOU, e pa janm salye l. 11 Paske yon moun ki salye l patisipe nan move aksyon l yo.
12 Mwen gen anpil bagay pou m di NOU, men, mwen pa vle ekri yo nan yon lèt. Anfèt, mwen espere vin jwenn NOU pou m pale avèk NOU fasafas, pou lajwa NOU ka total.
13 Pitit sè w yo, sè w Bondye chwazi a, voye salye w.