-
Jenèz 23:8, 9Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
8 li di yo: “Si nou* dakò ban m yon kote pou m al antere mò m nan, ebyen koute sa m ap di nou an epi ankouraje Efwon, pitit gason Zora a, 9 pou l vann mwen gwòt Makpela a ki pou li a. Se nan lizyè jaden l lan li ye. Mwen ta renmen l vann mwen li devan nou pou lajan li vo a+ pou m ka gen yon kote pou m antere moun mwen genyen ki mouri+.”
-
-
Jenèz 49:29, 30Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
29 Annapre, men lòd li te ba yo: “Mwen pral menm kote ak moun mwen yo*+. Se pou nou antere m bò kot zansèt mwen yo nan gwòt ki nan jaden Efwon an, desandan Èt la+, 30 gwòt ki nan jaden Makpela a, anfas Mamre, nan peyi Kanaran, tè Abraram te achte nan men Efwon, desandan Èt la, pou l antere moun li genyen ki mouri.
-