8 Vrèmanvre, li leve, li manje e li bwè. Grasa fòs manje sa a te ba li, li te fè 40 jou, 40 nuit ap mache pou l rive Orèb, mòn vrè Dye a+.
9 Lè l rive nan mòn nan, li antre nan yon gwòt+, e li pase nuit lan la. Epi, Jewova pale avè l, li di l: “Ki sa w ap fè la a, Eli?”