BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Egzòd 8:7
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 7 Sepandan, prèt ki te konn fè maji yo te fè maji e yo fè menm bagay la. Yo te fè krapo anvayi peyi Ejip+ tou.

  • Detewonòm 18:10-12
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 10 Pa dwe gen okenn moun nan mitan nou ki boule* pitit gason l oswa pitit fi l nan dife+, ni moun k ap fè divinò+, ni moun k ap fè maji+, ni moun k ap chèche konnen sa k pral rive demen+, 11 ni moun k ap fè wanga dèyè moun, ni moun k al wè moun ki kapab fè yo pran kontak ak movèzespri+, ni moun k ap fè moun konnen sa k pral rive yo+, ni moun ki konn chèche pale ak mò+. 12 Moun ki fè bagay sa yo, se moun ki bay Jewova degoutans, e se pou vye bagay sa yo Jewova, Bondye nou an, ap retire nasyon sa yo devan nou.

  • Galat 5:19, 20
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 19 Zèv lachè yo parèt aklè: se imoralite seksyèl*+, konduit ki pa pwòp, konduit derespektan*+, 20 idolatri, pratik ki gen rapò ak movèzespri*+, rayisman, fè kont, jalouzi, kòlè san kontwòl, chirepit, divizyon, fè klan,

  • Revelasyon 21:8
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 8 Men, kanta pou moun ki lach, moun ki pa gen lafwa+, moun ki repiyan nan fè salte, asasen+, moun k ap fè imoralite seksyèl*+, moun k ap pratike bagay ki gen rapò ak movèzespri, moun k ap adore zidòl, ansanm ak tout moun k ap bay manti+, pòsyon pa yo se nan letan ki gen dife ak souf la l ap ye+. Sa reprezante dezyèm lanmò a+.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2027)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje