-
Egzòd 22:18Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
18 “Nou pa dwe kite okenn fi k ap fè maji rete vivan+.
-
-
Detewonòm 18:10-12Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
10 Pa dwe gen okenn moun nan mitan nou ki boule* pitit gason l oswa pitit fi l nan dife+, ni moun k ap fè divinò+, ni moun k ap fè maji+, ni moun k ap chèche konnen sa k pral rive demen+, 11 ni moun k ap fè wanga dèyè moun, ni moun k al wè moun ki kapab fè yo pran kontak ak movèzespri+, ni moun k ap fè moun konnen sa k pral rive yo+, ni moun ki konn chèche pale ak mò+. 12 Moun ki fè bagay sa yo, se moun ki bay Jewova degoutans, e se pou vye bagay sa yo Jewova, Bondye nou an, ap retire nasyon sa yo devan nou.
-
-
Revelasyon 21:8Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
8 Men, kanta pou moun ki lach, moun ki pa gen lafwa+, moun ki repiyan nan fè salte, asasen+, moun k ap fè imoralite seksyèl*+, moun k ap pratike bagay ki gen rapò ak movèzespri, moun k ap adore zidòl, ansanm ak tout moun k ap bay manti+, pòsyon pa yo se nan letan ki gen dife ak souf la l ap ye+. Sa reprezante dezyèm lanmò a+.”
-