-
Nonb 29:12Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
12 “‘Nan 15yèm jou nan setyèm mwa a, nou dwe reyini pou n adore Bondye. Nou pa dwe fè okenn travay di. Nou dwe fè yon fèt pou Jewova pandan sèt jou+.
-
-
Neyemi 8:14-18Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
14 Konsa, yo te wè Jewova te bay lòd nan Lalwa li te bay Moyiz la pou pèp Izrayèl la rete anba tonèl* pandan fèt la nan setyèm mwa a+ 15 e pou yo voye mesaj pou anonse+ sa nan tout vil kote moun yo soti yo e nan tout Jerizalèm, yo te dwe di: “Ale nan zòn ki gen mòn yo epi pran branch bwa ki gen anpil fèy nan pye oliv yo, pye sapen yo, pye mit* yo ak pye palmis yo, ansanm ak branch lòt pyebwa ki gen anpil fèy pou nou fè tonèl, jan sa ekri nan Lalwa a.”
16 Epi, pèp la te soti al chèche tout bagay sa yo e yo te vin avèk yo pou yo te ka fè tonèl yo. Chak moun te fè tonèl pa yo, swa yo te fè l sou do kay yo, nan lakou lakay yo, nan lakou kay vrè Dye a+, sou plas piblik ki te bò Pòtay Dlo a+ e sou plas piblik ki te bò Pòtay Efrayim nan+. 17 Konsa, tout moun ki te rasanble e ki te sot ann egzil yo te fè tonèl pa yo epi yo te rete ladan yo, paske Izrayelit yo pa t janm fete fèt sa a konsa depi nan epòk Jozye+, pitit gason Noun nan, rive jis jou sa a. Se sa k fè moun yo te kontan anpil anpil+. 18 Chak jou, yo te li nan liv Lalwa vrè Dye a+, soti premye jou fèt la rive nan dènye jou a, e moun yo te fete fèt la pandan sèt jou. Sou uityèm jou a, yo te fè yon rasanbleman espesyal, jan yo te dwe fè sa+.
-