-
Jij 13:19, 20Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
19 Apre sa, Manowa pran ti kabrit la ansanm ak ofrann manje angren an e li ofri yo bay Jewova sou yon gwo wòch. E Bondye te fè yon bagay estrawòdinè pandan Manowa ak madanm li t ap gade. 20 Pandan flanm dife ki te sou lotèl la t ap monte byen wo nan syèl la, zanj Jewova a antre nan flanm dife a epi l monte nan syèl la pandan Manowa ak madanm li t ap gade. Lè yo wè sa, yo lage kò yo fas atè.
-