-
1 Kwonik 11:22-25Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
22 Benaya+, pitit gason Jewoyada a, se te yon gason vanyan* ki te fè anpil gwo aksyon nan Kabseyèl+. Li te touye de pitit gason Ariyèl, yon moun Mowab. Yon jou, pandan nèj t ap tonbe, li te desann nan yon pi dlo kote l te touye yon lyon+. 23 Epitou, li te touye yon Ejipsyen ki te wo anpil, ki te mezire anviwon senk koude* wotè+. Aktout Ejipsyen an te gen yon lans nan men l ki te tankou gwo bwa moun k ap fè twal yo konn woule twal+, li t al sou li ak yon baton, li rache lans lan nan men Ejipsyen an, epi li touye l ak menm lans lan+. 24 Se bagay sa yo Benaya, pitit gason Jewoyada a, te fè, e li te gen gwo renome menm jan ak twa sòlda vanyan yo. 25 Byenke li te gen pi gwo renome pase mesye ki nan gwoup trant lan, li pa t rive nan nivo twa mesye yo+. Men, David te mete l chèf sekirite l.
-
-
Pwovèb 30:30Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
30 Gen lyon, bèt ki pi vanyan pase tout lòt bèt yo,
Ki pa fè bak devan pèsonn+,
-