-
2 Kwonik 4:18-22Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
18 Salomon te fè tout bagay sa yo pa pakèt. Yo pa t rive konn pwa kantite kuiv yo te itilize pou fè yo a+.
19 Salomon te fè tout bagay+ ki pou kay vrè Dye a. Li te fè lotèl annò a+, tab+ ki te gen pen yo konn prezante devan Bondye kòm ofrann yo+, 20 pòtlanp yo ak lanp yo ak bon kalite lò+. Se lanp sa yo ki te konn limen devan pyès ki pi anndan an selon enstriksyon Bondye te bay. 21 Flè ki sou pòtlanp yo, lanp yo ak pensèt pou kenbe mèch yo te fèt annò, ak pi bon kalite lò a. 22 Li te fè zouti pou etenn mèch lanp yo, bòl yo, koup yo ak veso pou mete chabon dife yo ak bon kalite lò. Li te fè kouvri ni pòt Kote ki pi sen an+ ni pòt ki nan antre tanp lan ak lò+.
-