-
2 Kwonik 14:2-5Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
2 Aza te fè sa ki byen ak sa ki dwat nan je Jewova, Bondye l la. 3 Li te retire lotèl yo te fè pou fo dye yo+, li te retire kote ki wo moun yo te konn fè adorasyon yo, li te kraze poto sakre+ ki fèt an wòch yo e li te koupe poto sakre ki fèt an bwa yo*+. 4 Mete sou sa, li te ankouraje moun nan tribi Jida yo pou yo chèche Jewova, Bondye zansèt yo, e pou yo obeyi Lwa l yo ak kòmandman l yo. 5 Se poutèt sa, nan tout vil Jida yo, li te retire kote ki wo moun yo te konn fè adorasyon yo ansanm ak lotèl pou lansan yo+. Pandan l te wa a, te gen lapè nan wayòm li an.
-
-
2 Kwonik 14:11Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
11 Lè sa a, Aza rele Jewova, Bondye l la+, e li di l: “O Jewova, kit moun w ap ede yo anpil, kit yo pa gen fòs, pou ou, se menm bagay+. O Jewova, Bondye nou an, ede nou tanpri, paske se sou ou nou konte*+ e se nan non w nou vin goumen ak foul moun sa a+. O Jewova, ou se Bondye nou, pa kite lòm ki fèt ak pousyè tè kenbe tèt ak ou+.”
-