-
1 Wa 15:20-22Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
20 Bennadad koute wa Aza e li voye chèf lame l yo al atake vil ann Izrayèl yo. Yo te atake Ijon+, Dann+, Abèlbètmaka, tout zòn Kinerèt ak tout tèritwa Neftali a. 21 Lè Baacha aprann sa, menm kote a, li sispann bati* Rama. Li te kontinye rete Titsa+. 22 Lè sa a, wa Aza te rasanble tout moun Jida yo san eksepsyon. Yo te pran ni wòch ni bwa Baacha t ap itilize pou l bati vil Rama a e wa Aza te sèvi avèk yo pou l bati* Geba+, nan tribi Benjamen, ansanm ak Mispa+.
-