-
1 Wa 22:24-28Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
24 Lè sa a, Sedesyas, pitit gason Kenayana a, parèt devan Mikaya, li ba l yon kalòt epi li di l: “Kòmsi w vle di pouvwa Jewova te ban mwen an soti sou mwen e se avè w li sèvi pou l pale kounye a+?” 25 Mikaya di: “Gade! W ap konnen si se avè m l ap sèvi lè jou a rive pou w antre nan chanm ki pi anndan an pou w kache.” 26 Lè sa a, wa Izrayèl la di: “Pran Mikaya, mennen l bay Amon, chèf vil la, ak Jowas, pitit gason wa a. 27 Men sa pou w di yo: ‘Wa a di: “Mete nonm sa a nan prizon+, epi ba l pen ak dlo jiskaske m retounen sennesòf. Men, se pou n ba l pi piti pase sa n konn bay la.”’” 28 Lè sa a, Mikaya di: “Si w tounen sennesòf, ou mèt konnen Jewova pa t pale avè m+.” Apre sa, li di: “Se pou nou tout ki la a sonje sa.”
-