BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Esdras 9:1, 2
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 9 Kou bagay sa yo fin fèt, prens yo vin kote m, yo di m: “Pèp Izrayèl la ansanm ak Levit yo pa ret kanpe lwen pèp ki ozalantou yo ni vye bagay moun sa yo ap pratike yo+, anpalan de Kananeyen yo, desandan Èt yo, Perizit yo, moun Jebis yo, desandan Amon yo, moun Mowab yo, Ejipsyen yo+ ak Amorit yo+. 2 Yo pran kèk nan pitit fi moun sa yo pou vin madanm yo ak madanm pitit gason yo+. Kounye a, men pèp* ki apa pou Bondye a+ vin melanje ak pèp nan peyi ki ozalantou yo+. Se prens yo ak lòt chèf yo ki te lage kò yo an premye nan peche sa a.”

  • Neyemi 13:28
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 28 Youn nan pitit gason Joyada+ yo, yon pitit gason Elyachib+ ki te gran prèt, te vin bofis Sanbala+, moun Bètowon. Se sa k fè mwen te fè l ale lwen m.

  • Ezekyèl 44:22
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 22 Yo pa dwe marye ak yon vèv oswa ak yon fi ki divòse+. Men yo kapab marye ak yon vyèj pami desandan Izrayèl yo oswa ak yon vèv ki te madanm yon prèt+.’

  • Malachi 2:7, 8
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 7 Paske se konesans sou Bondye yon prèt ta dwe anseye e se lwa* Bondye bay moun ta dwe chèche jwenn nan bouch li+, paske li se mesaje Jewova, Chèf lame yo.

      8 “Men, nou menm, nou vire kite wout la. Nou fè anpil moun pa fè sa lalwa di*+. Nou kraze alyans mwen te fè ak Levit yo+.” Se sa Jewova, Chèf lame yo, di.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje