-
Levitik 5:17, 18Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
17 “Si yon moun* peche lè l fè nenpòt nan bagay Jewova bay lòd pou moun pa fè yo, menmsi l pa t konnen l te peche, li koupab kanmenm, e l ap peye pou sa l fè a+. 18 Li dwe vin ak yon mal mouton ki pa gen okenn domaj pou l bay prèt la kòm sakrifis ki montre li koupab+. Se prèt la k ap fikse pri mouton pou l bay la. Apre sa, prèt la ap ofri l pou peche moun nan te fè san l pa t konnen an pou moun nan ka vin pwòp, e moun nan ap jwenn padon pou peche a.
-