BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Wa 24:11
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 11 Pandan yo te ansèkle vil la, Nebikadneza, wa Babilòn nan, te vini pou l atake vil la.

  • 2 Wa 24:13
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 13 Apre sa, li pran tout trezò ki nan kay Jewova a ak trezò ki nan kay* wa a+. Li kraze tout veso annò Salomon, wa Izrayèl la, te fè pou l met nan tanp Jewova a+. Sa te fèt egzakteman jan Jewova te anonse a.

  • 2 Kwonik 36:7
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 7 Nebikadneza te pran kèk nan veso ki nan kay Jewova a, l al Babilòn ak yo e li mete yo anndan palè l la Babilòn+.

  • 2 Kwonik 36:18
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 18 Li te pote tout bagay Babilòn: tout veso ki te nan kay vrè Dye a, piti kou gwo, trezò ki te nan kay Jewova a, trezò wa a ak trezò chèf li yo+.

  • Esdras 6:5
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 5 Epi, se pou yo retounen ak veso annò ansanm ak veso ann ajan ki te nan kay vrè Dye a, veso Nebikadneza te pran nan tanp lan nan Jerizalèm al Babilòn+ avè yo a, pou y al mete yo nan plas yo, nan tanp lan nan Jerizalèm, nan kay Bondye a+.’

  • Dànyèl 1:1, 2
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 1 Nan twazyèm ane rèy Jewoyakim+, wa peyi Jida a, Nebikadneza, wa Babilòn nan, te vin Jerizalèm e li te ansèkle l+. 2 Epi, Jewova te lage Jewoyakim, wa Jida a, nan men wa Babilòn nan+ ansanm ak kèk nan veso ki te nan kay* vrè Dye a. Wa a te pote yo ale nan peyi Babilòn*+, nan kay* dye pa l la. Li te mete veso yo nan trezò dye l la+.

  • Dànyèl 5:2
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 2 Pandan Bèlchaza te anba diven l, li te bay lòd pou yo pote veso annò ak veso ann ajan Nebikadneza, papa* l, te pran nan tanp Jerizalèm nan+ pou li menm, wa a, ak gwo potanta l yo, lòt madanm li yo ak madanm li te genyen ki gen mwens enpòtans yo te ka bwè ladan yo.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje