-
Detewonòm 17:18-20Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
18 Lè l chita sou twòn nan antanke wa, li dwe kopye sa k nan liv Lalwa a nan yon woulo. Se liv Lalwa ki nan men Levit ki prèt yo l ap itilize pou l fè sa+.
19 “Liv Lalwa li kopye a dwe rete nan men l e li dwe li l pandan tout vi l+, pou l ka aprann gen lakrentif pou Jewova, Bondye l la, e pou l ka obeyi tout pawòl ak tout kòmandman ki nan Lwa sa a+. 20 Konsa, kè l pap pouse l mete tèt li pi wo pase frè l yo, li pap kite kòmandman m yo pou l al ni adwat ni agoch e li menm ak pitit li ap dirije kòm wa nan wayòm li an pandan lontan nan mitan pèp Izrayèl la.
-