BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Detewonòm 1:16, 17
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 16 “Lè sa a, men ki enstriksyon mwen te bay jij nou yo: ‘Lè gen moun nan pèp la ki gen pwoblèm antre yo e yo vin devan nou, nou dwe jije ka a avèk jistis+, kit moun nan gen pwoblèm ak yon Izrayelit parèy li, kit li gen pwoblèm ak yon etranje k ap viv nan mitan nou+. 17 Nou pa dwe gen patipri lè n ap jije+. Nou dwe koute ni moun ki pa enpòtan, ni moun ki enpòtan+. Nou pa dwe kite moun fè nou pè+, paske se pou Bondye n ap jije+. Lè yon ka twò difisil pou nou, n a pote l devan m e m a tande l+.’

  • 2 Samyèl 8:15
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 15 David te kontinye dirije tout pèp Izrayèl la+, li te fè tout pèp la jwenn jistis e li te fè tout bagay dwat+.

  • Sòm 72:1, 2
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 72 O Bondye, fè wa a konnen lwa w yo,

      Fè pitit gason wa a konnen jistis ou+.

       2 Se pou l defann kòz pèp ou a yon fason ki dwat,

      Se pou l defann moun ki dekouraje yo avèk jistis+.

  • Ezayi 11:4
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  4 L ap jije malere yo san paspouki*,

      E l ap korije moun yon fason ki jis poutèt moun ki gen imilite sou tè a.

      L ap frape moun sou tè a ak baton ki nan bouch li a+,

      E l ap touye mechan yo ak souf* ki sot nan bouch li+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje