BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Wa 9:7
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 7 m ap mete pèp Izrayèl la deyò nan peyi mwen ba yo a+, e m ap retire kay sa a+ mwen met apa pou bay non m glwa a devan je m. Lè sa a, tout moun nan lòt pèp yo pap gen respè pou pèp Izrayèl la* e y ap pase yo nan rizib+.

  • Jeremi 7:12
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 12 “‘Kounye a, al kote mwen te gen nan Silo a+, premye kote mwen te chwazi pou moun bay non m glwa a+, epi gade pou n wè sa m fè l poutèt mechanste Izrayèl, pèp mwen an+.

  • Jeremi 7:14
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 14 ‘Se sa k fè, menm sa m te fè Silo a, se sa m ap fè ni kay ki pote non m nan+, kay nou met konfyans nou nan li a+, ni kote sa a mwen te bay nou menm ak zansèt nou yo a+.

  • Dànyèl 9:18
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 18 Panche zòrèy ou pou w koute, o Bondye mwen. Ouvri je w pou w wè eta nou ak eta vil ki pote non w lan. Se pa paske nou fè sa ki dwat ki fè n ap sipliye w, men se paske ou gen anpil mizèrikòd+.

  • Oze 12:2
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  2 Jewova gen yon kont pou l regle ak Jida+.

      L ap pini Jakòb pou fason Jakòb aji,

      E l ap fè l peye sa l fè+.

  • Miche 6:2
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  2 Nou menm mòn yo, tande ka Jewova ap prezante a,

      Wi, nou menm ki fondasyon tè a e ki solid+.

      Paske, Jewova nan yon pwosè ak pèp li a.

      Tande agiman l ap prezante kont pèp Izrayèl la+:

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje