BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Jeremi 29:11
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 11 “‘Paske, mwen konnen sa m gen nan lide m pou m fè pou nou.’ Se sa Jewova di. ‘M ap ban nou lapè, mwen pap lage malè sou nou+, yon fason pou m ban nou yon avni ak yon espwa+.

  • Lamantasyon 3:33
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 33 Paske, li pa gen entansyon fè lèzòm soufri oswa lage yo nan lapenn+.

  • Ezekyèl 33:11
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 11 Se pou w di yo: ‘“Menm jan li klè mwen vivan, mwen fè sèman, mwen pa pran plezi nan lanmò moun ki mechan+, e mwen ta pito wè yon moun ki mechan chanje fason l ap aji+ pou l ka rete an vi+. Kase tèt tounen! Kite move chemen nou pran an+! Pou ki rezon pou n ta oblije mouri, o nou menm moun Izrayèl yo+?” Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.’

  • Lik 15:10
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 10 Menm jan an tou, m ap di nou sa: Zanj Bondye yo kontan anpil lè yon moun k ap pratike peche repanti+.”

  • 2 Pyè 3:9
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 9 Jewova* pa dousman anrapò ak pwomès li fè+, jan kèk moun konprann li dousman an, men li pran pasyans avèk nou, paske li pa ta renmen pèsonn moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje