13 Mete sou sa, li te rebele kont wa Nebikadneza+ ki te fè l fè sèman devan Bondye. Kè l te di, li te kontinye fè tèt di* e li te refize tounen vin jwenn Jewova, Bondye Izrayèl la.
8 “‘Men, kanta pou fig ki tèlman pa bon moun pa ka manje yo+, men sa Jewova di: “Se konsa m ap konsidere Sedesyas+, wa Jida a, chèf li yo, rès moun Jerizalèm ki rete nan peyi sa a ansanm ak sa ki abite ann Ejip yo+.
52Sedesyas+ te gen 21 an lè l te vin wa e li te dirije pandan 11 an detan l Jerizalèm. Manman l te rele Amoutal+ e se te pitit fi Jeremi, moun Libna. 2 Li te kontinye fè sa ki mal nan je Jewova, li te fè menm bagay Jewoyakim te konn fè yo+.
19 “‘Kidonk, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Menm jan li klè mwen vivan, mwen fè sèman, m ap fè l peye poutèt li pa respekte sèman li te fè a+ e li kraze alyans mwen an.