8 Pandan m t ap byen gade kòn yo, mwen te wè yon lòt kòn, yon ti kòn+, ki te parèt pami yo, e yo te rache twa nan premye kòn yo devan l. Epi, mwen te wè te gen je tankou je moun nan kòn sa a, e te gen yon bouch ki t ap pale yon fason ki awogan+.
25 L ap di yon seri pawòl kont Sila a ki nan pi gwo pozisyon an+ e l ap kontinye toumante moun ki sen yo k ap sèvi Sila a ki nan pi gwo pozisyon an. L ap vle chanje tan ak lwa, epi y ap lage moun ki sen yo anba men l pandan yon tan, de tan* ak mwatye yon tan*+.