-
Dànyèl 2:40-42Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
40 “Kanta pou katriyèm wayòm nan, l ap di tankou fè+. Paske, menm jan fè kraze tout lòt bagay e li fè yo tounen poud, wi, menm jan ak fè, wayòm sa a pral kraze tout wayòm sa yo e l ap fè yo fè miyèt moso+.
41 “Menm jan w te wè gen pati nan pye estati a ak zòtèy li yo ki fèt ak ajil atizan yo konn travay la e gen pati ki fèt an fè, se konsa tou, wayòm nan ap divize, men, l ap yon ti jan di tankou fè, piske w te wè fè a mele ak ajil ki mou. 42 E menm jan zòtèy ki nan pye l yo gen pati an fè e gen pati ann ajil, se konsa tou, yon pati nan wayòm nan ap djanm e yon pati ap fèb.
-