-
Detewonòm 28:49-51Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
49 “Jewova ap fè yon nasyon ki soti byen lwen vin atake nou+, yon nasyon ki soti nan dènye bout tè a ki pral fonse sou nou tankou èg+, yon nasyon ki pale yon lang nou pa konprann+, 50 yon nasyon figi moun yo make mechan, ki pap gen okenn respè pou granmoun, ni ki pap gen pitye pou timoun+. 51 Y ap manje pitit bèt nou yo ak sa tè nou yo pwodui pou jis yo detwi nou. Yo pap kite okenn manje angren, ni diven, ni luil, ni ti bèf ni ti mouton pou nou, jis yo detwi nou+.
-
-
Jeremi 5:15-17Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
15 “M ap fè yon nasyon ki sot byen lwen vin atake nou, o Izrayèl+.” Se sa Jewova di.
“Se yon nasyon ki la lontan.
Wi, li gen lontan depi l egziste.
Se yon nasyon ki pale yon lang nou pa konnen,
E nou pa ka konprann sa moun ki nan nasyon sa a ap di+.
16 Sak kote yo met flèch yo a tankou yon kavo ki ouvri.
Yo tout se sòlda.
17 Y ap devore ni rekòt ou yo, ni pen w yo+.
Y ap touye ni pitit gason w yo, ni pitit fi w yo.
Y ap devore twoupo bèt ou yo.
Y ap devore ni pye rezen w yo, ni pye fig frans ou yo.
Y ap sèvi ak zam yo pou yo detwi vil ki byen pwoteje yo, vil nou met konfyans nou nan yo a.”
-
-
Ezekyèl 23:22, 23Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
22 “Kidonk, Owoliba, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘M ap monte tèt mesye w te renmen yo kont ou+, mesye ou* te vire do ba yo paske yo ba w degoutans yo, e m ap fè yo vin atake w nan tout direksyon+. 23 Wi, moun Babilòn yo+, tout moun Kalde yo+, moun Pekòd yo+, moun Chowa yo ak moun Kowa yo ansanm ak tout moun Asiri yo ap vin atake w nan tout direksyon. Yo tout se bèl jèn gason, yo se gouvènè, chèf, sòlda, moun yo chwazi avèk swen* e ki chita sou cheval.
-