-
Jeremi 7:5-7Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
5 Paske, si nou chanje fason n ap viv la toutbonvre, si nou sispann aji jan n ap aji a, si nou fè moun jwenn jistis toutbonvre lè yon moun nan kont ak yon pwochen l+, 6 si nou pa toupizi etranje k ap viv nan mitan nou yo+, si n pa toupizi òfelen* yo ak vèv yo, si nou pa fè san moun ki inosan koule isit la e si nou sispann suiv fo dye yo pou malè nou+, 7 lè sa a, m ap kite nou kontinye rete isit la, nan peyi mwen te bay zansèt nou yo pou toutan an.”’”
-
-
Jeremi 25:5, 6Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
5 Yo te konn di nou: ‘Kase tèt tounen tanpri, kite move chemen nou pran yo e sispann fè bagay mal n ap fè yo+ pou nou ka kontinye viv pandan lontan nan peyi Jewova te bay nou menm ak zansèt nou yo depi byen lontan an. 6 Pa suiv fo dye yo, pa sèvi yo e pa pwostène devan yo. Pa fè m fache akoz zidòl nou yo. Si nou pa koute, m ap fè yon malè tonbe sou nou.’
-