BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezayi 11:11, 12
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 11 Jou sa a, Jewova ap lonje men l ankò, yon dezyèm fwa, pou l pran rès pèp li a ki nan Asiri+, Ejip+, Patwòs+, Etyopi*+, Elam+, Chineya*, Amat ak nan zile ki nan lanmè yo+. 12 L ap mete yon siy* kanpe pou nasyon yo e l ap rasanble moun Izrayèl ki te gaye yo+, e l ap fè moun Jida ki te gaye nan kat kwen tè a reyini ansanm+.

  • Ezayi 27:12
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 12 O nou menm, pèp Izrayèl, menm jan yon moun ap keyi fwi nan yon pyebwa, epi li ranmase yo youn pa youn, se konsa Jewova ap ranmase nou+, nou menm ki gaye nan zòn ki sot depi nan Rivyè* k ap koule a rive nan Ravin Ejip la+.

  • Ezekyèl 28:25
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 25 “‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Lè m ap rasanble moun Izrayèl yo ki te gaye nan mitan yon pakèt nasyon+, m ap fè moun nan nasyon yo wè mwen se yon Dye ki sen+. Y ap abite nan pwòp peyi yo+, peyi mwen te bay Jakòb, sèvitè m nan+.

  • Ezekyèl 34:15, 16
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 15 “‘“Se mwen menm k ap bay mouton m yo manje+ e se mwen menm k ap fè yo kouche+.” Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di. 16 “M ap chèche mouton ki pèdi yo+, m ap fè sa ki gaye yo tounen, m ap met bandaj pou sa ki blese yo e m ap ede sa k fèb yo jwenn fòs. Men, m ap elimine sa k gra yo ak sa ki gen fòs yo. M ap jije yo e m ap ba yo pinisyon yo merite.”

  • Amòs 9:14
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 14 M ap fè moun nan pèp Izrayèl la, pèp mwen an+, ki te ann egzil yo retounen nan peyi yo.

      Y ap rebati vil ki te kraze yo e y ap abite ladan yo+.

      Y ap plante rezen e y ap bwè diven yo bay+.

      Y ap fè jaden e y ap manje fwi yo bay+.’

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje