-
Mak 3:16-19Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
16 Gwoup 12 disip+ li te chwazi yo te gen ladan l Simon, li te ba l non Pyè tou+, 17 te gen Jak, pitit Zebede a, ansanm ak Jan, frè Jak la (li te bay mesye sa yo non Bwanègès tou, ki vle di “Pitit loray+”), 18 te gen Andre, Filip, Batèlmi, Matye, Toma, Jak ki pitit Alfe a, Tade, Simon yo rele Kananeyen an*, 19 ak Jida Iskaryòt ki t apral trayi Jezi pi devan.
Apre sa, Jezi antre nan yon kay.
-
-
Lik 6:13-16Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
13 Lè l fè jou, li rele disip li yo, li chwazi 12 ladan yo e li ba yo non apot tou+. 14 Te gen Simon, li te konn rele l Pyè tou, te gen Andre, frè Simon an, te gen Jak, Jan, Filip+, Batèlmi, 15 Matye, Toma+, Jak ki pitit Alfe a, Simon yo te konn rele “moun ki zele a”, 16 te gen Jida ki pitit Jak ak Jida Iskaryòt ki te vin tounen yon trèt.
-