-
Lik 7:18-23Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
18 Twouve, disip Jan yo al di Jan tout bagay sa yo+. 19 Lè sa a, Jan rele de nan disip li yo, li voye yo al di Seyè a: “Èske w se Moun ki te gen pou vini an+ oubyen èske nou dwe tann yon lòt moun?” 20 Lè mesye yo rive kote l, yo di l: “Jan ki konn batize moun nan voye nou kote w pou nou mande w: ‘Èske w se Moun ki te gen pou vini an oubyen èske nou dwe tann yon lòt moun?’” 21 Nan moman sa a, li t ap geri anpil moun anba maladi yo genyen+, ti maladi kou gwo maladi, li t ap chase movèzespri e li te fè anpil moun ki te avèg wè. 22 Epi, li reponn yo, li di yo: “Al rakonte Jan sa nou wè ak sa nou tande: Moun avèg wè+, moun enfim mache, moun ki gen lèp geri, moun soud tande+, moun mouri leve e yo preche pòv yo bon nouvèl la+. 23 Byennere moun ki pa gen okenn rezon pou l gen dout sou mwen*+.”
-