-
Mak 6:1-6Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
6 Li kite kote l te ye a l al nan peyi l+, e disip li yo t ap suiv li. 2 Lè jou saba a rive, li kòmanse anseye nan sinagòg la. Pifò moun ki t ap koute l yo te sezi e yo te di: “Ki kote misye jwenn bagay sa yo+? Kiyès ki ba l sajès sa a, e kòman l fè fè kalite mirak sa yo+? 3 Èske se pa bòs chapant lan+, pitit gason Mari a+, frè Jak+, Jozèf, Jida ak Simon an+? Èske sè l yo pa isit la avèk nou?” Se sa k fè yo te refize kwè nan li. 4 Men, Jezi di yo: “Yo onore yon pwofèt tout kote, sof nan peyi l ak nan fanmi l ak lakay li+.” 5 Se sa k fè li pa t fè okenn mirak nan zòn nan, eksepte kèk moun malad li te poze men sou yo pou l geri yo. 6 An reyalite, li te sezi wè jan moun yo pa t gen lafwa. Epi, li te fè wonn bouk yo ap anseye+.
-