BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Mak 12:1-9
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 12 Epi, li kòmanse sèvi ak egzanp pou l pale avèk yo. Li di: “Gen yon mesye ki fè yon jaden rezen+, li fè yon lantouray pou bare l, li fouye yon basen pou près diven an e li bati yon gerit+. Apre sa, li kite jaden an nan men kèk kiltivatè pou travay li, epi li vwayaje al nan peyi etranje+. 2 Lè sezon rekòt la rive, li voye yon esklav kot kiltivatè yo, yon fason pou yo ka ba l kèk nan fwi jaden rezen an fè. 3 Men, yo pran esklav la, yo bat li, epi yo voye l ale de men vid. 4 Li voye yon lòt esklav kote yo ankò. Sa a menm, yo frape l nan tèt e yo imilye l+. 5 Epi, li voye yon lòt esklav, men li menm yo touye l. Li voye anpil lòt ankò, genyen yo bat e genyen yo touye. 6 Li te gen yon lòt moun ankò, yon pitit gason li renmen anpil+. Li voye l kote yo an dènye, li di tèt li: ‘Y ap respekte pitit gason m nan.’ 7 Men, kiltivatè yo di youn lòt: ‘Men eritye a! Vini+, annou touye l, konsa eritaj la ap pou nou.’ 8 Vrèmanvre, yo pran l, yo touye l e yo voye l jete pa deyò jaden rezen an+. 9 Ki sa mèt jaden rezen an ap fè? L ap vini, l ap touye kiltivatè yo, epi l ap kite jaden rezen an nan men lòt kiltivatè+.

  • Lik 20:9-16
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 9 Apre sa, li bay moun yo yon egzanp, li di yo: “Gen yon mesye ki fè yon jaden rezen+, li kite jaden an nan men kèk kiltivatè pou yo travay li, e li vwayaje al nan peyi etranje pou yon bon ti tan+. 10 Lè sezon rekòt la rive, li voye yon esklav kot kiltivatè yo, pou yo ka ba l kèk nan fwi jaden rezen an fè. Men, kiltivatè yo bat li, yo voye l ale de men vid+. 11 Mèt jaden an voye yon lòt esklav ankò. Li menm tou, yo bat li, yo imilye l*, epi yo voye l ale de men vid. 12 Apre sa, li voye yon twazyèm esklav. Yo blese esklav sa a tou e yo mete l deyò. 13 Lè sa a, mèt jaden an di: ‘Sa m ta fè la a? M ap voye pitit gason m nan mwen renmen anpil la+. Petèt y ap respekte l li menm.’ 14 Lè kiltivatè yo wè l, youn di lòt: ‘Men eritye a! Annou touye l, konsa eritaj la ap vin pou nou.’ 15 Vrèmanvre, yo trennen l met deyò jaden rezen an, epi yo touye l+. Bon, ki sa mèt jaden rezen an ap fè yo? 16 L ap vini, l ap touye kiltivatè sa yo, epi l ap kite jaden rezen an nan men lòt kiltivatè.”

      Lè moun yo tande sa, yo di: “Bagay konsa pa gendwa janm rive!”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje