-
Matye 6:1, 2Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
6 “Fè atansyon pou se pa devan lèzòm n ap pratike sa ki jis, nan entansyon pou nou fè yo wè nou+. Si se sa nou fè, nou pap jwenn okenn rekonpans nan men Papa nou ki nan syèl la. 2 Konsa, lè w ap bay kado ki montre w gen mizèrikòd*, pa sonnen twonpèt anvan, jan ipokrit yo fè nan sinagòg yo ak nan lari, pou moun ka ba yo glwa. Anverite m ap di nou sa: Yo deja gen tout rekonpans yo.
-