BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Matye 14:1-5
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 14 Nan epòk sa a, Ewòd, chèf distri a*, te tande pale de Jezi+. 2 Li di sèvitè l yo: “Se Jan ki te konn batize moun nan. Bondye leve l sot nan lanmò, e se sa k fè l ap fè mirak* sa yo+.” 3 Ewòd* te arete Jan e li te fè mare l met nan prizon akoz Ewodyad, madanm Filip, frè Ewòd+, 4 paske Jan te di Ewòd: “Ou pa gen dwa pran l pou madanm+.” 5 Li te vle touye Jan, men li te pè foul la, paske yo te pran Jan pou yon pwofèt+.

  • Lik 9:7-9
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 7 Twouve, Ewòd*, chèf tèritwa a*, aprann tout bagay k ap pase yo. Sa te boulvèse l anpil, paske gen kèk moun ki t ap di Bondye leve Jan sot nan lanmò+. 8 Gen lòt ki t ap di l se Eli ki parèt, e gen lòt ki t ap di l se youn nan pwofèt nan tan lontan yo ki leve+. 9 Ewòd di: “Mwen te koupe tèt Jan+. Moun sa a m ap tande tout bagay sa yo sou li a, kiyès li ye menm?” Se sa k fè li t ap chèche wè moun sa a+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje