BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Matye 14:15-21
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 15 Men, lè l fin aswè, disip li yo vin kote l, epi yo di l: “Zòn nan izole, e li fin ta. Voye moun yo ale, pou yo ka al nan bouk yo pou y al achte manje pou yo manje+.” 16 Men, Jezi di yo: “Yo pa bezwen deplase. Nou mèt ba yo manje.” 17 Yo di l: “Se senk pen ak de pwason ase nou gen la a.” 18 Li di: “Pote yo ban mwen.” 19 Epi, li mande foul moun yo pou yo chita sou zèb la. Apre sa, li pran senk pen yo ak de pwason yo, li gade syèl la, li fè yon priyè+, epi li kase pen yo bay disip yo, e disip yo separe yo bay foul moun yo. 20 Konsa, yo tout manje vant plen, e disip yo ranmase rès ki rete yo, yo plen 12 pànye+. 21 Twouve, moun ki te manje yo te anviwon 5 000 gason, san konte fi ak timoun+.

  • Lik 9:12-17
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 12 Apre sa, li vin kòmanse fè nwa. Epi, 12 apot yo vin kote l, yo di l: “Voye moun yo ale, pou yo ka al nan bouk ki ozalantou yo ak nan zòn andeyò yo pou yo chèche yon kote pou yo rete e pou yo jwenn manje pou yo manje, paske la a nou nan yon zòn izole+.” 13 Men, li di yo: “Nou mèt ba yo manje+.” Yo di li: “Se sèlman senk pen ak de pwason nou gen la a, amwenske petèt nou ta al achte manje pou tout pèp sa a.” 14 Anfèt, te gen anviwon 5 000 gason. Li di disip li yo: “Fè yo chita, fè yo fè gwoup ki gen anviwon 50 moun ladan yo.” 15 Yo fè sa vrèman, yo fè yo tout chita. 16 Epi, li pran senk pen yo ak de pwason yo, li gade syèl la, li priye sou yo*. Apre sa, li kase yo e li kòmanse bay disip li yo pou yo bay moun yo. 17 Konsa, tout moun manje vant plen, e disip yo ranmase rès ki rete yo, yo plen 12 pànye+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje