39 Lè l sot deyò, li ale sou Mòn Oliv jan l abitye fè sa, e disip yo suiv li+. 40 Lè l rive la, li di yo: “Kontinye priye dekwa pou nou pa tonbe nan tantasyon+.” 41 Li deplase al yon tikras pi lwen yo, nan distans yon moun ka voye yon wòch konsa, epi li met ajenou, li kòmanse priye.