BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Matye 26:69-75
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 69 Nan moman sa a, Pyè te chita deyò nan lakou a. Gen yon sèvant ki vin bò kote l, ki di l: “Ou menm tou, ou te avèk Jezi, moun Galile a+!” 70 Men, li nye sa devan yo tout, li di: “Mwen pa konn sa w ap di a.” 71 Lè l al nan antre lakou a, te gen yon lòt fi ki te wè l e ki te di moun ki te la yo: “Mesye sa a te avèk Jezi, moun Nazarèt la+.” 72 Li nye sa yon lòt fwa ankò, e li sèmante, li di: “Mwen pa konn moun w ap pale a!” 73 Apre yon ti tan, moun ki te kanpe ozalantou yo pwoche e yo di Pyè: “Se sèten, ou menm tou, ou se youn nan yo. Dayè, fason w pale montre sa.” 74 Lè sa a, li kòmanse sèmante, li mande pou malè rive l si sa l di a pa laverite, epi li di: “Mwen pa konn misye!” Menm kote a, yon kòk chante. 75 E Pyè vin sonje pawòl Jezi te di a, lè l te di l: “Anvan yon kòk chante, w ap nye m twa fwa+.” Epi, li sot deyò a, li kriye anpil.

  • Lik 22:55-62
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 55 Yo limen yon dife nan mitan lakou a, yo chita ansanm, e Pyè vin chita nan mitan yo+. 56 Men, gen yon sèvant ki wè Pyè chita bò dife a ki te byen klere, li gade l byen gade, epi li di: “Mesye sa a te avè l tou.” 57 Men, Pyè nye sa, li di: “Mwen pa konnen l, madanm.” 58 Apre yon ti tan, gen yon lòt moun ki wè l e ki di: “Ou menm tou, ou se youn nan yo.” Men, Pyè di: “Mesye, mwen pa youn nan yo+.” 59 Apre anviwon inèdtan, gen yon lòt mesye ki parèt e ki pèsiste ap di: “Se sèten mesye sa a te avè l tou. Dayè, se moun Galile li ye!” 60 Men, Pyè di: “Mesye, mwen pa konn sa w ap di a.” Epi, menm kote a, li potko menm fin pale, yon kòk chante. 61 Lè sa a, Seyè a vire, li gade Pyè fiks, e Pyè sonje pawòl Seyè a te di a: “Anvan yon kòk chante jodi a, w ap nye m twa fwa+.” 62 Epi, li sot deyò a, li kriye anpil.

  • Jan 18:25, 26
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 25 Twouve, Simon Pyè te kanpe la, li t ap chofe dife. Epi, yo di l: “Ou se youn nan disip li yo tou, pa vre?” Li nye sa, li di: “Non+.” 26 Gen youn nan esklav gran prèt la, yon esklav ki fanmi mesye Pyè te koupe zòrèy li a+, ki di l: “Se pa ou menm mwen te wè nan jaden an avè l la?”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2027)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje